Bato Royal Navy Kanada a pral gen pou misyon patwouye dlo teritoryal Ayisyen yo 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
bato royal navy kanada a pral gen pou misyon patwouye dlo teritoryal ayisyen yo 

Sébastien Carrière, anbasadè Kanada an Ayiti a, nan yon entèvyou li akòde ayè dimanch 19 fevriye 2023 a sou radyo Kanada,  te pale sou misyon livrezon bato militè Royal Kanadyen an pral gen nan peyi a. Daprè Anbasadè a ,Bato sa yo pral gen pou misyon patwouye dlo teritortal Ayisyen yo. 

 

Bato Royal Navy Kandyen an ki pral antre nan peyi a pral gen misyon patwouye dlo teritoryal Ayisyen yo, an patikilye nan lide pou kwape aktivite gang yo, te deklare anbasadè Kanada an Ayiti a sou radyo Kanada, dimanch sa a. 

 

Diplomat la te kontinye pou li di, peyi Kanada konnen gang  yo itilize Pòtoprens la an patikilye pou sikile, transpòte manm gang, otaj, machandiz, dwòg, elatriye. Se sak li konnen prezans bato Kanadyen an ap anpeche aktivite sa yo fèt sou teritwa nasyonal la a. 

 

« Bato sa yo, se bato ki byen ekipe pou siveyans kotyè« ,  te konkli anbasadè peyi Kanada an Ayiti, Sébastien Carrière. 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.