Direksyon jeneral PNH la fikse dat fen enskripsyon pou 33zyèm pwomosyon an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
direksyon jeneral pnh la fikse dat fen enskripsyon pou 33zyèm pwomosyon an
Nan yon nòt ki pibliye jodi mèkredi a, Direksyon jeneral PNH la fikse pou 28 fevriye k ap vini la, dat limit pou enskripsyon 33zyèm pwomosyon Lapolis lan.
Enskripsyon yo ki te lanse nan mwa jen ane 2021 pou 33zyèm pwomosyon an ap pran fen nan mwa fevriye sa la, presizeman madi k ap 28, daprè nòt sa ki pibliye sou diferan kont PNH la sou rezo sosyal yo.
Direksyon jeneral Lapolis la fè prensipal entèrese yo konnen, nan nòt sa, pa p gen okenn konsiderasyon pou postilan ki depoze dosye yo aprè dat 28 fevriye sa ki fikse kòm dènye lè pou enskripsyon yo.
N ap raple, nan dat 23 desanm ki sot pase a, Direksyon jeneral Lapolis la te gradye anviwon 700 polisye ki fè pati 32èm pwomosyon enstitisyon an ki egziste kòm fòs piblik nan peyi a depi lane 1995.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.