Aprè plizyè enfòmasyon k ap fè wonn rezo sosyal yo te fè kwè bandi ak zam te kidnape plizyè elèv Lise Fritz Pierre Louis ak tout yon pwofesè jedi 26 janvye pase a, direksyon etablisman sila sòti nan silans li pou demanti enfòmasyon an.
Nan yon kominike près direksyon Lise Fritz Pierre Louis a fè konnen “pa gen pyès elèv oubyen pwofesè yo ki sibi zak kidnapin. Men pito se sitiyasyon tibilans ki gen nan lari a ki oblije elèv yo rantre lakay yo”.
Lise Fritz Pierre Louis denonse pratik movèz fwa sila, epi di li regret pataj fo enfòmasyon sila ki pa verifye epi ki ka gen gwo konsekans sou etablisman an, li ka menm boulvèse paran elèv yo.
Toutfwa, n ap enfòme direksyon lekòl la konfime kidnapin yon èd menajè li 26 janvye pase a bò 6 zè nan maten, ant ri Monseigneur Guilloux ak ri Saint Honoré, pa twò lwen lise a. Responsab yo mande liberasyon li san pran tan.
N ap raple, plizyè dizèn etidyan nan Lise Fritz Pierre Louis te pran lari kapital la, byen bonè jedi pase a, pou yo te pwoteste kont kidnapin yon dam ki rele madam Joëlle, ki nan depatman pèsonèl etablisman an kòm èd menajè. Jenn pwotestatè yo te reklame liberasyon dam nan, epi mande otorite yo pran responsablite yo nan jesyon ensekirite a k ap vale teren nan peyi d Ayiti chak jou pi plis.
Facebook Comments