Finalman ! Gavi fè pati ekip A Barcelone nan

Jephte Pascal
Par Jephte Pascal  - Rédacteur
finalman ! gavi fè pati ekip a barcelone nan
Sa gen lontan l ap jwe ak gwo ekip Barça a, men Gavi se te toujou yon jwè ekip B. Ofisyèlman, FC Barcelone enskri Gavi kòm jwè premye ekip A a epi ba l yon nouvo nimewo ki se 6. 
Youn nan pi gwo espwa foutbòl panyòl la ak FC Barcelone genyen se Gavi. Ti nonm 18 lane sa pa sispann epate moun ak kalite talan epi matirite li genyen. Barça p ap kite ti grenn sa file konsa se pou sa yo te pwolonjel depi kèk tan.
Sa gen kèk tan depi klèb Katalan an t ap chèche enskri jèn mitan teren an kòm jwè ekip A  a. Men sa pa t ko ka fèt pou rezon  »fair-play salaryal ». Sa rive fèt kounye a gras ak konkou lajistis ki foure bouch li nan koze salaryal la.
Kounye a, Gavi pa p mete mayo ki gen nimewo 30 lan ankò. Se nimewo 6 nou pral wè nan do pwodij la, chak fwa l ap sou teren Culers yo. Nou konn moun ki te abitye jwe ak nimewo sa a,  se aktyèl antrenè Barça a, Xavi Hernandez.
Yon dosye ki regle pou direksyon klèb Katalan an men yo poko fin bon. Yo bezwen retire nenpòt 200 milyon Ewo nan mas salaryal yo. Pou sa rive fèt,  gen jwè k ap oblije kite ekip la oubyen bese salè yo.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.