DJ Valmix jwenn liberasyon l yon ti tan aprè arestasyon l 

Kethia Saint Marc
ParKethia Saint Marc- Rédactrice
dj valmix jwenn liberasyon l yon ti tan aprè arestasyon l 
Plizyè ajan PNH te mete lapat sou Valéry Lerebours anpil moun konnen sou non  » DJ Valmix » jodi samdi 18 fevriye nan ayopò » Antoine Simon » nan vil okay nan depatman sid peyi a epi l rive jwenn liberasyon l yon ti tan aprè.
 DJ Valmix te jwenn 2 manda arestasyon, paske li te resevwa lajan pou 2 evènman, epi li pat onore kontra yo, se sa ki te koz arestasyon sila a.
Daprè enfòmasyon yo, li rive jwenn liberasyon l, yon ti tan aprè l fin gen yon antant ak responsab aktivite yo. Valmix te resevwa  lajan pou l te pèfòme nan 2 evènman, youn nan mwa jwen 2021 nan zòn « Cavaillon » epi lòt la nan mwa desanm 2022 nan vil okay, men li pat onore obligasyon l yo.
 DJ Valmix se yon pwodiktè mizik ayisyen, li se yon pèsonalite radyo epi yon DJ ki gen anpil talan. Depi 14 lane li te fè premye eksperyans li sou radyo « Caïbes FM « epi li deja gen yon bon eksperyans nan mond près la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.