Doktè Yves Jean-Bart anonse retou li nan tèt Federasyon ayisyèn foutbòl lan

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
doktè yves jean bart anonse retou li nan tèt federasyon ayisyèn foutbòl lan

Nan yon konferans pou Laprès an liy atravè Zoom, Doktè Yves Jean-Bart anonse jodi mèkredi an retou li nan tèt Federasyon ayisyèn foutbòl lan aprè plis pase de lane deyò tout aktivite espò akoz sanksyon FIFA yo.

Doktè Yves Jean-Bart, ki te tonbe anba gwo sanksyon FIFA aprè atik The Guardian lan, ki te akize l nan zafè vyòl sou jèn tifi nan foutbòl ayisyen an, anonse l ap retounen pran tèt FHF la, de semèn aprè Tribinal abitral espò (TAS) te fin blanchi l nan dosye sa.

Nan konferans pou Laprès sa ki te fèt avèk batri avoka ki reprezante l yo nan kad dosye sa, Doktè Jean-Bart fè gwo anons sa jodi mèkredi an kote l fè konnen li deja kontakte FIFA depi 24 fevriye nan kad demach sa yo li deja tanmen pou reprann pòs li nan tèt Federasyon an.

Nan diskou li an pandan konferans pou Laprès sa, Doktè an ki nan peyi etranje depi kòmansman eskandal sa ki te enplike egalman plizyè lòt manm federasyon an, anonse yon pakèt refòm nan foutbòl ayisyen an pou retou li an.

N ap mansyone, nan diskou li an, Doktè Yves Jean-Bart fè konnen sante l pa fin anfòm kote depi plizyè ane l ap goumen ak yon kansè. Malgre sa, li konte reprann pòs li kòm Prezidan FHF la nan pa twò lontan, san l pa bay okenn dat.

Nan kòmansman mwa fevriye an, Tribinal abitral espò (TAS) te rann yon òdonans ki te anfavè Doktè an, kote yo te fè konnen pa t gen ase eleman pou kondane ansyen Prezidan Federasyon an ki pa t gen dwa ak pyès aktivite espò pandan tout rès vi l e te gen pou peye jiska yon milyon dola kòm amann.

Facebook Comments

Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.