Xavi bay enpresyon l avan klasiko Copa del Rey la

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
xavi bay enpresyon l avan klasiko copa del rey la

Avan demi final ale Copa del Rey la, antrenè FC Barcelone lan, Xavi bay enpresyon l sou klasiko k ap fèt nan Santiago Bernabeu a, demen jedi 02 mars 2023 a. Se pral yon gwo batay ant Merengue yo ak Blaugrana yo.

Teknisyen Catalan an, Xavi fè konnen jodi mèkredi a nan yon konferans pou laprès, Real Madrid se favori pou demi final ale Copa del Rey la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Pou mwen, Real Madrid se favori, menm ke li gen jwè ki blese, yo se favori. Yo se chanpyon Liga ak Champions League la. M panse match fas ak Real Madrid la se nan retou n ap konn sa pou m fè, se ap yon gwo opòtinite pou n ta rive nan final epi pran tit la » deklarasyon antrenè FC Barcelone lan.

Vinicius se yon menas daprè Xavi

Antrenè Barcelone lan rekonèt jwè Brezilyen an kòm yon gwo menas pou Blaugrana yo.

« Vinicius fè diferans lan, se yon jwè eksepsyonèl, li fè anpil gòl. Se yon jwè nou dwe siveye, li lnan yon wo nivo »

Barcelone pap kapab konte sou plizye jwè pou chòk sa fas ekip Real Madrid la, jwè tankou Lewandowski, Pedri, Dembélé pap ka prezan men Xavi ap kapab konte sou Ferran Torres ak Ansu Fati.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive