Ekip Portland Trail Blazers a bat Utah Jazz  ak yon gwo pèfòmans Damian Lillard

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
Foto : EuroSport

Nan match yèswa a ki te mete fas a fas Portland Trail Blazers ak Utah Jazz la, basketè Damian Lillard make 60 pwen, Portland genyen Utah Jazz (134-124), nan lannwit mèkredi a. Menè All star la pou sezon sa, montre yon lòt nivo nan jwèt li, kote pèfòmans li yo pale pou li. Pou 8 dènye match li nan NBA a, li make 50, 36, 40, 44, 25, 24, 37 epi yè li te fenomenal ak 60 pwen li fè fas Utah Jazz.   

Depi plizyè semèn, Damian Lillard pa sispann bay gwo pèfòmans nan NBA a, yè mèkredi a, li make 60 pwen 7 rebon ak 8 pas fas Utah Jazz. Menè Portland lan te dechennen, kote l tap pral ede ekip li bat Utah Jazz (134-124).  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Franchiz Oregon an ki nan misyon pou play-off yo, jwe chak match ak yon mantalite pou yo genyen. Nan sèlman 3 pati, sipèsta yo a te make 50 pwen epi fè 10 pwen nan « money time » lan. Rankont mèkredi swa sa a, se youn nan pi bon pèfòmans Lillard pou sezon sa.  

Sa fè 4triyèm fwa li rive nan 60 pwen nan yon match. Li gen menm kantite pwen ak Michael Jordan ki te fè sa 4 fwa nan yon sezon epi yon fwa nan play-offs; epi James Harden, Wilt Chamberlain ak Kobe Bryant nan lis jwè ki bay yon pèfòmans parèy sa deja. 

Aprè rankont lan,  jwè Portland lan deklare nan yon konferans. :  

« Chak ou make 60 pwen, se yon bagay ki san parèy,  men m kapab di fwa sa, sa sanble senp. Mwen jis jwe janm m te sipoze jwe. M te agresif, se paske m konnen nou te bezwen viktwa sa… » 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive