Pwogram Joe Biden : 1,700 Nikaragweyen, Kiben ak Ayisyen gentan benefisye 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Foto : Kevin Lamarque/REUTERS

Jiska 1,700 sitwayen nan Nikaragwa, Kiba ak Ayiti pwofite jiska prezan pwogram imanitè Prezidan Ameriken an Joe Biden te lanse nan kòmansman mwa janvye a, daprè  sa otorite nan Depatman Sekirite Enteryè Ameriken an (DHS) rapòte. 

« 1,700 moun deja vin Etazini, plizyè milye lòt jwenn otorizasyon vwayaj, nan kad pwogram Biden lan » , te enfòme Dapatman Sekirite Enteryè Ameriken an (DHS), ayè Mèkredi 25 janvye 2023. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Mete sou sa , Otorite ameriken yo fè konnen, depi semèn ki sot pase a, kantite moun ki arete sou fwontyè yo kòmanse diminye. Pou kòmansman mwa janvye a yo arete sèlman 115 migran, alòske yo te pran an mwayèn 3,367 mwa pase a. 

N ap raple, Libète imanitè a pèmèt antre legal ak yon pèmi travay pou 2 lane nan peyi Etazini. 

Gouvènman Joe Biden lan te anonse nan kòmansman mwa janvye a agrandisman yon pwogram ki pral pèmèt jiska 30,000 moun ki soti nan Venezyela, Kiba, Nikaragwa ak Ayiti antre Ozetazini chak mwa, konsa administrasyon l lan elaji yon plan li te lanse nan mwa Oktòb la, pou bay viza imanitè ak Venezyelyen yo. 

Pou kalifye pou li, migran ak refijye yo dwe ranpli yon seri de kondisyon, tankou rive nan yon avyon epi pou yo gen yon esponsò Ozetazini ki ka pwouve yo pral kapab sipòte yo nan adaptasyon yo nan peyi a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.