Conmebol fè Ajantin kado 10 milyon dola paske ranpòte Koupdimonn lan 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
conmebol fè ajantin kado 10 milyon dola paske ranpòte koupdimonn lan 

Konfederasyon sid amerikèn foutbòl la (Conmebol) fè seleksyon foutbòl ajantin nan kado 10 milyon dola paske li rive ranpòte 22yèm edisyon Koupdimonn lan, ki te dewoule nan peyi Kata, sòti 20 novanm pou al bout ayè 18 desanm 2022 a. 

Se prezidan Conmebol la, Alejandro Domínguez, ki fè anons lan pase sou Twitter, pandan l t ap selebre moman inoubliyab sila pa bò kote gwo ekip sila. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

“Nou te ale nan vestyè chanpyon mondyal la pou nou remèt pri 10 milyon dola Conmebol bay pou  tit la”, deklarasyon Alejandro Domínguez, ayè dimanch 18 Desanm nan, kote kapitèn seleksyon ajantin nan Leonel Andrés Messi Cuccittini te pran yon foto ak chèk la ak tout rès ekip la. 

Koupdimonn 2022 an kouwonnen ak viktwa Ajantin sou Lafrans nan seyans penalite 4-2, aprè rankont ant 2 ekip yo te fini 3-3 aprè yon konba san gade dèyè. 

Aprè anpil kè sote ak “suspens”, Ajantin rive genyen yon premye final mondyal depi 36 lane aprè l te pran 2 tit oparavan an 1978 ak 1986. Viktwa sa pèmèt tou yo ofri tit chanpyon mondyal la ak Messi. Ak 35 lane, nan dènye match li nan yon mondyal, kapitèn ajanten otè yon double, anplis li bitè pandan seyans penalite yo. 

Sèt fwa gayan Balon d Ò a, ki rekonpanse pi bon jwè sou planèt la, Leo rive konplete koleksyon trofe li yo lè li ajoute trofe chanpyon mondyal la ladan l, pi gwo twofe li te manke nan koleksyon li a. 

Messi vini tou premye jwè ki fè gòl nan faz gwoup, faz uityèm, ka final, semi final ak final nan yon sèl koup du mond. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.