« En Dernier » Kikko Lyrixx Feat Guy Wewe, entènèt la gentan chofe 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
en dernier kikko lyrixx feat guy wewe, entèt la gentan chofe 

Anpil moun te panse se pat vre lè Guy Webern Guerrier, anpil moun konnen sou non li Guy Wewe, te anonse kolaborasyon li kòm chantè sou yon mizik ak youn nan atis ki pi enfliyan nan HMI lan, si pandan ane 2022 a anpil moun ki pat gen okenn dezi pou konvèti tèt yo kòm atis, revele, ane 2023 sa a pa twò lwen kèk revelasyon tou. Nan yon entèvyou animatè « Sak Cho » a te akòde ekip redaksyon NetAlKole Média a sou tranzisyon sa a, sanble koze mizik nan lavi jounalis la se yon pakèt istwa. 

Li fèt yon 13 jiyè 1987, li se moun Pòdepè  » Mizik se yon rèv danfans, m ap chante nan koral legliz mwen sitou nan « Tikè Mès » depi m tou piti, gwoup legliz mwen te toujou konn mete m sou pwogram nan sans sa », te entwodui Guy Wewe nan entèvyou nou ak li. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Animatè a rakonte rankont li ak Kikko Lyrixx, ki se tou yon zanmi l depi yon bon bout tan  » mwen ak Kikko zanmi lontan, se depi m Ayiti, Kikko te vle m met vwa m sou yon albòm li, mwen te kòmanse yon mizik deja, men ki pat fini pou kèk rezon nou te vag, jiskaske « En Dernier » vin yon reyalite ». Li rakonte tou chwa mizik lan se Kikko ki fè l. 

Ki Itwa sijè « En Dernier » a ?  

Nan yon ti bout videyo « Teaser » ki pibliye sou paj 2 atis yo, videyo a montre yon bèl marabou ki fè aparisyon li nan yon bal, 2 flannè yo ki te nan pwogram nan wè dam nan k ap danse ak tout blòdè nan aktivite a, youn te pran pale ak lòt pou montre yo vle dènye moun ki pou danse ak demwazèl la, pou tou genyen gwo lo a. 

Wè Guy Wewe oubyen tande l k ap anime emisyon kiltirèl yo, emosyon ak sansasyon li degaje yo, ou santi pasyon an ki makonnen ak yon lanmou pou mizik lakay jounalis la. Aprè l te fin anonse nouvèl la, entènèt la te pran chofe, sa raple nou premye soti kèk moun k ap egzèse lòt fonksyon men ki deside chante tankou ;  Natacha Lafontant, yon envestisè  ki vin chantez, Blondedy Ferdinand, ki rekonèt kòm yon aktris pwofesyonèl epi antreprenez men ki vin chantez epi Florence El Luche, antreprenez, Guy Wewe, youn nan pi gwo animatè kiltirèl ki rekonèt yon siksè enòm, konplete lis la. 

Guy Webern Guerrier, (Guy Wewe) pa t janm anvizaje yon karyè mizikal, mete sou siksè li kòm jounalis animatè, fokis la te plis rete nan kad medya, toutfwa li fè konnen sa pap anpeche l avantire si premye pwojè sa a pote benefis pou li. 

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.