Shakira kase met nan men Gerard Piqué ansyen mari li, nan yon nouvo mizik 

Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc  - Rédactrice
shakira kase met nan men gerard piqué ansyen mari li nan yon nouvo mizik 

Sipèsta Kolonbyèn nan tout moun konnen sou non Shakira lage yon nouvo mòso, kote l ap voye toya sou ansyen nèg li Gérard Piqué san pitye, san okenn kè sansib. 

Shakira pa gade silans li pou l deklare « yon louv tankou m pa fèt pou yon debitan tankou w, yon louv tankou m pa fèt pou yon nèg tankou w. Ou kite bèlmè kòm vwazin mwen, ak laprès nan pòt la ak dèt la. Ou chanje yon Ferrari pou yon Twingo, yon Rolex pou yon Casio ». 

Aprè 12 lane eksperyans, Shakira ak ansyen jwè FC baselòn nan Gérard Piqué chwazi mete fen nan relasyon yo. Daprè entèvyou Kolonbyèn nan akòde ak plizyè medya, li fè konnen Piqué twonpe l plizyè fwa. Epi Atis la pwofite eksplike konbyen li te sakrifye karyè mizik li pou siksè espòtif la, ki vyole konfyans li san vire gade dèyè. 

Malgre yo gen 2 ti moun ansanm, sipèsta a fè konnen, sitiyasyon fòse l mande separasyon. atravè mòso sa, Shakira montre koman sa fè l mal jouk nan zo, se rezon ki fè li move kou kong epi lanse plizyè mo pou l fè Piqué konprann li pat merite l. 

Sipèsta Kolonbyèn nan chwazi devwale nouvo track sa, pou l ka eksprime tout sa l santi, tout sa ki fè l mal, si non Atis la reyalize li ka toufe. Nouvo mòso a disponib sou Youtube sou chanèl DJ Bizarrapp la ki se yon Ajanten. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Kethia Saint Marc
Par Kethia Saint Marc Rédactrice
Follow:
Journaliste rédactrice, institutrice, maîtresse de cérémonie, diplômée en informatique ,passionnée de la présentation ainsi que l'animation.