Nan yon videyo li pibliye sou rezo sosyal li yo, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) montre kijan li te mennen yon operasyon lendi 31 Oktòb pase a nan zòn Pènye ak Dumay. Si li fè sa pou montre kapasite l sou tèren an, plizyè moun deklare enstitisyon polisyè a ap fè yon “show medyatik”, li pa p regle anyen serye piske ensekirite a toujou kontinye ap fè viktim.
“Pou sa, yon gwoup travay ki te fòme ak ajan nan inite SWAT, UTAG ak sa yo ki nan inite teritoryal yo anba DDO-2, te deplwaye abò yon konvwa machin lou (machin blende) nan kad yon atak kont gang Vitelhomme nan baz li yo. Sou sèn nan, lapolis rekipere yon machin yo vòlè epi yo arete yon moun yo sispèk ki ta yon manm aktif nan gang sila.
Kòmandan an Chèf Frantz ELBÉ ak wo kòmandman an ap fè tout sa ki posib pou kraze gang ame k ap maltrete lapè piblik la. Epitou, pou fè sa, kolaborasyon popilasyon an toujou nesesè.”, se mesaj sa ki te akonpaye yon videyo ki montre kouman polisye yo, ki te sou plas, t ap deplwaye wa di se nan yon fim y ap jwe.
“Cette semaine au Rex Theatre qui ce trouve a L’academie de vie et L’homme tout près du cimetière Parc du souvenir” : Kicko-One Pick Up Click
“c’est une trés belle chorégraphie”, Baudelaire Marcellin
« Pa gen sal sinema. ki kote nap fè lansman fim nan silvouplè?? », Sanon Jés Smith
“Kijan film sa rele? « Le petit police contre les grands gangs armes »”, Reine Mélanine
Tout sa yo se kèk pami divès kòmantè moun fè anba piblikasyon PNH la aprè l te fin difize bilan operasyon sila ki pèmèt yo rekipere sèlman yon machin gang Vitelhomme nan te vòlè ak arete yon prezime bandi. Pou moun sila yo, PNH la plis fò nan fè montaj videyo pase li rezoud pwoblèm ensekirite a nan peyi d Ayiti.
Yo te pwofite kritike enstitisyon an paske l ap montre ekipman li genyen ak kijan l itilize yo. Plizyè moun k ap suiv paj lapolis la deklare « operasyon sou teren yo dwe toujou rete sekrè » alòske polisye yo ap montre zam ak chèn bal yo genyen.
Itilizatè yo te tou pwofite mande kilè polisye yo pral debloke kèk zòn tankou Kwadèboukè, Matisan ak Site Solèy, elatriye, paske bandi fin pran kote sa yo nèt epi ap teworize popilasyon an.
Toutfwa n ap raple depi kèk tan peyi a tonbe totalman anba kontwòl gang, genyen anpil zòn polis paka pase la yo oubyen tabli baz yo la. Ka asasina, kidnapin, vyòl ak vòl yo ap pousuiv, men malerezman pa genyen okenn vrè dispozisyon ki pran pou tabli lapè ak sekirite sou teritwa a. Lekòl fèmen, pi fò aktivite paralize, ensekirite a ap panpannen kò l alòske fèt fen dane yo rive, anyen pa janm fèt pa bò kote pouvwa anplas la pou rezoud pwoblèm nan.
Facebook Comments