Entèdiksyon pou machin transpò piblik travèse wout Matisan apati lendi 15 me a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
entèdiksyon pou machin transpò piblik travèse wout matisan apati lendi 15 me a
Akoz operasyon fòs lòd yo ap mennen nan rantre sid kapital la dènye jou sa yo, plizyè sendika nan sektè transpò a pran desizyon pou kanpe tout trafik k ap mennen sou wout Matisan an jiskaske tout bagay rantre nan lòd.
Nan yon nòt piblik ki pote dat 13 me 2023, sendika yo nan sektè transpò a entèdi pou machin transpò piblik yo franchi limit Pòtay Leyogàn lan pou ta travèse wout Matisan an apati demen lendi 15 me an.
Daprè nòt la, desizyon sa pran akoz kantite moun k ap viktim anba bal mawon depi kòmansman operasyon Lapolis la nan rantre sid kapital la, san konte divès lòt zak tankou bandi ak zam k ap itilize machin transpò piblik yo pou transpòte zam ak bal dènye tan sa yo.
Responsab sendika sa yo fè konnen pou tout chofè transpò piblik yo pa franchi espas Pòtay Leyogàn lan pou ale travèse wout Matisan an jiskaske otorite Lapolis yo bay garanti moun ka pase nan espas sa san kè sote.
Pami sendika ki siyen yo genyen Sektè transpò tèrès ayisyen an (STTH), Asosyasyon pwopriyetè ak chofè Ayiti yo (APCH), san nou pa bliye sendika tankou FENATRAH ak divès lòt ki nan vil pwovens yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.