Gouvènman ayisyen an pibliye vandredi 7 oktòb 2022 sa a nan jounal ofisyèl peyi a, Le Moniteur, rezolisyon ki pran nan Konsèy Minis la pou mande entèvansyon fòs etranje ann Ayiti. Nan rezolisyon sa a, Konsèy Minis la di yo bay chèf gouvènman an manda pou mande entèvansyon fòs militè etranje ann Ayiti. Lokatè Primati a ak plizyè lòt Minis siyen otorizasyon sa a.
Nan piblikayson sa ki fèt nan Le Moniteur, gouvènman an ofisyèlman pran desizyon pou mande entèvansyon fòs etranje nan peyi a. Pou sipòte desizyon li a, Konsèy Minis la te di yo enkyete pou gwo risk kriz imanitè, sitou akoz maladi kolera ki parèt britsoukou ajoute ak deteryorasyon akselere sitiyasyon sekirite a sou tout teritwa nasyonal la.
Sa sak fè nan rezolisyon sa a, Premye Minis Ariel Henry pral oblije chèche jwenn nan men patnè entènasyonal Ayiti yo sipò efikas atravè deplwaman imedya yon fòs lame espesyalize, yon kantite ki ase pou sispann, sou tout teritwa a, kriz imanitè zak gang ak gwo zam yo koze nan peyi a.
Mete sou sa, daprè rezolisyon sa, klima sekirite sa a ta dwe pèmèt gouvènman an konbat maladi kolera, ankouraje rekòmanse distribisyon gaz ak dlo potab nan tout peyi a, epi pou lopital yo fonksyone jan sa dwe fèt, pou aktivite ekonomi peyi reprann, pou Lekòl yo louvri ak lòt bagay ankò.
Facebook Comments