Depi plizyè jou valè dola ap desann nan peyi d Ayiti aprè l te fin rive nenpòt 1 dola ameriken pou prèske 155 goud, men malgre sa goud la toujou ap pèdi valè devan lajan ameriken an chak jou pi plis, sitou sou mache enfòmèl la.
Èske dola a k ap desann nan lye ak mouvman “Bwa Kale” ki gen nan lari a ? Se kesyon sa k ap poze pa bò kote plizyè sitwayen nan kapital la. Yo di yo konstate a chak fwa gen yon mouvman popilè nan lari a ki lye ak sosyete, politik oubyen sekirite, Bank Repiblik d Ayiti (BRH) pa janm pran tan, jan li te monte valè dola pou l desann li ak menm rapidite a.
An efè nou konstate nan dat mèkredi 19 avril la pou 1 dola ameriken sou mache fòmèl la yon moun te bezwen 154,22 goud. Se to ki pi wo nou anrejistre jiskaprezan depi kòmansman ane 2023 a, alòske jodi jedi 04 me a li gentan desann ak 147, 82. Yon desant ki fèt gradyèlman alòske dola ameriken an t ap vale teren epi lakòz lavi a vin pi chè, sitou akòz pri l sou mache enfòmèl la.
N ap raple nan lane 2022, bank yo ki sou teritwa a te resevwa anpil menas sou zafè to chanj lan, vin twouve jounen jodiya a yo tounen sib pèp la ankò akòz zafè dola bank yo di ki pa genyen, san konte yo bay limit kòb ameriken yon moun ka retire sou kanè l : li pa depase 100 dola. BRH, kòm regilatè, fè konnen l ap pote yon solisyon ak sitiyasyon an avèk yon pwochèn enjeksyon, men jiskaprezan anyen pa janm fèt.
Facebook Comments