Chèf gang Izo mande parèy li yo pou atake komin Delma ak Petyonvil

NetAlKole Publication
Par NetAlKole Publication
chèf gang izo mande parèy li yo pou atake komin delma ak petyonvil

Chèf gang Vilaj de Dye a, Izo sòti nan silans li aprè plizyè jou divès enfòmasyon te fè kwè li te pran bal nan dènye afwontman ki te genyen nan antre Vilaj de Dye a ak Lapolis. Nan yon mesaj 3 minit k ap sikile sou rezo sosyal yo, kriminèl notwa fè gwo menas sou lavi popilasyon an k ap viv nan plizyè katye kapital la.

Wi, bandi sila – lapolis ak Lèzetazini ap chache kou chen fou pou divès krim li fè sou popilasyon sivil la – revandike yon pakèt atak ki fèt nan Kabarè, pi patikilyèman nan Sous Matla, kote depi kèk tan nèg ak zam ap wete lavi popilasyon an san pyès moun paka frennen yo.

Kriminèl la mande moun k ap viv nan zòn sila a ak Akayè pou yo pase « ke yo anba dèyè yo ».

“Moun Akayè, moun Kabarè, poze nou. Si n pa poze n se nou k ap wè l. Wè moun Sous Matla t ap bat kò yo, depi se sivil k ap sòti nan zòn Minotri ki pase anba yo rache yo. M voye “Dinozò” yo al kote yo nan Sous Matla, yo lage m tou pran zòn sa. Nou jwenn anpil a manchèt nou kite sa yo atè […]”, se avètisman li te bay moun Kabarè ak Akayè, pami kèk lòt. Li mande yo pou yo pa atake moun ki nan kan pa li yo sinon se li k ap vin atake yo an pèsòn nan zòn kote yo ye a.

Yon lòt kote, Izo te pran lapawòl sou mouvman popilè “Bwa Kale” ki gen nan lari a, kote pèp la deside mache pran bandi depi kèk tan pou tiye yo, rache yo ak manchèt epi mete dife sou yo.

« Aprè sa, m tande Bwa Kale, Bwa Kale, si gen yon bon Bwa Kale k ap fèt fò Izo pran nan Bwa Kale, fò Ti lapli pran Bwa Kale, fò Manno pran Bwa Kale, Kilibway, Bougòy, Jeff, Luckson, Vitelhomme, Lanmò San Jou, fò tout pran Bwa Kale, si gen yon bon Bwa Kale k ap fèt » – Izo

Pou kriminèl la, se zafè pèsonèl yo moun yo ap jere nan lari a nan tiye inosan nan règleman kont, ak sipò lapolis. Li menm fè konnen li pa idantifye okenn nan sòlda li yo pami 14 bandi ki te jwenn lanmò yo Kanapevè a, epi deklare se nan yon kou monte endividi yo te pran.

Andre Johnson alyas Izo te ale pi lwen pou atake moun komin Delma ak Petyonvil nan deklarasyon l akòz pozisyon yo pran nan batay k ap mennen kont ensekirite a.

« Wè la nou kanpe an zam pale. M wè nou la n ap rache inosan, n ap rache bagay, mete n sou men nou vin atake nan kwen an. Depi n paka rache m pa gen Bwa Kale », li fè konnen, pandan l t ap avèti nan pa twò lontan 2 komin sila yo ka jwenn yon ti vizit.

« Vitelhomme, Lanmò san jou, Lapli, Manno, Jeff, nan jou yo sa w panse si n bay yon ti vizit anlè a », se te deklarasyon l nan videyo sila ki dire 3 minit, kèk tan aprè li t ap pral rekonèt ak souri qou vizaj li « ap gen twòp moun mouri ». Pou fini chèf gang 5 Segonn lan di li anvi pran yon Bwa Kale, pandan l te demanti enfòmasyon ki fè kwè li pran ba l.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article