Espay otorize avòtman ak chanjman sèks apati laj 16 zan

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
espay otorize avòtman ak chanjman sèks apati laj 16 zan
Palman espanyòl la apwouve 2 lwa tèt chaje ki lakòz anpil pale nan mond lan : youn sou avòtman, lòt la sou detèminasyon sèks. Pou kounya apati 16 zan, yon timoun ka deside fè avòtman san l pa bezwen otorizasyon paran l, konsa tou li ka deside chanje sèks li san obligasyon yon rapò medikal oubyen sikolojik.
2 lwa sila yo, adopte aprè divès chire pit ki te genyen anndan gouvènman kowalisyon gòch la fas ak dwat la sou 2 sijè yo.
Nouvo lwa sou avòtman an, mete fen ak nesesite pou paran yo ta gen pou bay konsantman yo pou tifi ki genyen pou pi 16 lane yo, si yo pata vle kenbe yon timoun. Konsa Espay otorize avòtman lib pandan 14 premye semèn gwosès la.
Malgre genyen divès kontestasyon sou teritwa espanyòl la fas ak desizyon sila yo, sa pa anpeche tèks lwa sila yo pa adopte. N ap raple, apwobasyon sila fèt aprè gouvènman sosyalis José Luis Rodríguez zapatero a, te apwouve lwa sou avòtman an nan lane 2010 nan Lakou konstitisyonèl la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.