UTAG, dènye zèl kat PNH la pou batay kont gang yo nan peyi d Ayiti

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
utag, dènye zèl kat pnh la pou batay kont gang yo nan peyi d ayiti
Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) prezante Inite Tanporè Anti Gang (UTAG) kòm yon eleman kle nan batay l ap mennen kont ensekirite a nan peyi d Ayiti. Depi plizyè lane, bandi ak zam pran kontwòl plis pase 60% teritwa ayisyen an, jiskaprezan lapolis paka bay yon repons ki pwopòsyonèl ak sitiyasyon an.
UTAG kreye an kolaborasyon ak plizyè patnè entènasyonal, se sa PNH la rapòte bay ajans près EFE, ki detaye “kò sila genyen ladan li 150 ajan ki sòti nan plizyè lòt inite enstitisyon an”. Li la pou lite kont gang yo sitou nan zòn kote yo pwisan yo, epi li la pou ranfòse kòdinasyon entèn.
“Fòs sila, kote moun ki konpoze l yo sibi tout pwosedi yo mande yo e ki ka ranfòse ak don materyèl epi divès fòmasyon, ta dwe ogmante ak 300 polisye”, se sa EFE rapòte. Li site yon tèks kòm referans.
UTAG fòme nan diskresyon, pa reyèlman gen detay ki bay sou li, men y ap resevwa yon fòmasyon, pami kèk lòt, nan men selil fransèz Rechèch, Asistans, Entèvansyon ak Disyazyon (RAID). Toutfwa n ap raple, nan yon rapò reprezantasyon nan Nasyonzini, non l te site deja nan mwa Oktòb 2022, nan menm peryòd kominote entènasyonal la te manifeste enterè pou l asiste PNH la nan batay l ap mennen kont ensekirite a.
Otorite polisyè yo fè konnen gen yon ventèn polisye ki deja nan fòmasyon pou ranfòse UTAG. “Yo byen seleksyone yo sou konpetans ak eksperyans pèsonèl yo genyen, paske nan batay sila, li nesesè pou twoup yo kapab mennen operasyon ki gen manm”, deklarasyon yon responsab anonim.
Wo kòmandman PNH la itilize UTAG plizyè fwa deja tankou, nan operasyon l ap mennen kont gang Vitelhomme Innocent nan komin Taba ak Petyonvil, yo te itilize l tou pou reprann kontwòl tèminal Varreux nan komin Site Solèy fas ak bandi G9 yo ki anba lòd ansyen polisye ki vin chèf gang, Jimmy Cherizier alyas Babekyou.
Inite Tanporè Anti Gang (UTAG) bay rezilta deja, men tou li gentan konte plizyè viktim, pami yo, nan mwa dawout 2022, ak lanmò polisye Félix Elysée sou kabann lopital. Li te sòti blese grav nan yon operasyon kont gang Gran Grif k ap dirije ba Latibonit, bandi sila yo genyen san plizyè lòt polisye sou men yo deja, pami yo 6 yo touye nan fen mwa janvye 2023 a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.