Gad Kòt peyi Etazini rapòte Jedi 12 janvye 2023 a, yo te arete plis pase 20 imigran ki gen nasyonalite ayisyen ki t ap vwayaje nan bato sou lanmè Miyami.
Daprè enfòmasyon Pòtpawòl ajans Michael Selva te rapòte, 25 imigran sa yo ki gen nasyonalite Ayisyen, te soti nan vil Pòdepè, yo te naje sou rivaj Vijinya Key (Virginia Key), yon ti zile jis nan sidès Miyami nan eta Florid. Imigran sa yo nan gad Ladwàn Ameriken ak Pwoteksyon Fwontyè.
Pòtpawòl la te kontinye pou li di, te gen kèk bon Samariten pami moun ki te vizite zile yo ki te ede kèk nan imigran yo sou rivaj ak ti bato ak jet ski.
Mete sou sa a, Sekouris ijans yo te di CBS Miyami imigran ki soti Ayiti yo te parèt fatige epi grangou anpil, se sak fè yo fè konnen yo bay imigran yo manje ak dlo epi yo ba yo dra pou yo kapab kouvri kò yo.
Yon lòt bò, gad Kòt Lèzetazini te voye tounen nan Kiba ayè Jedi a 177 imigran Kiben yo te arete nan lanmè bò kòt Florid la.
Anpil Ayisyen vle kite peyi a pa nenpòt ki mwayen pou yo ale nan yon lòt peyi, kote yo kapab jwenn yon vi miyò, paske depi plizyè lane peyi a ap fè fas ak yon kriz ki gen plizyè dimansyon. Prèske mwatye popilasyon an ap soufri akoz vyolans gang yo ak grangou elatriye.
Facebook Comments