Etazini : yon nonm koupe tèt yon koulèv ak yon kout dan, lapolis arete l

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
etazini yon nonm koupe tèt yon koulèv ak yony kout dan,laypolis arete l
Yon nonm jwenn arestasyon l Miami, Etazini, paske l dekapite yon sèpan ak yon kout dan. Sa rive aprè li te nan diskisyon ak mennaj li, se sa lapolis amerikèn fè konnen.
Nonm lan koupe tèt yon “piton wayal” ak yon kout dan. Espès sila kapab atenn jiska 90 santimèt pou rive 1,5 mèt longè. Moun souvan itilize l kòm animal konpani paske l dosil.
Nan rapò li lapolis fè konnen, Kevin Justin Mayorga, ki gen 32 lane, te nan diskisyon ak patnè vi li aprè yon mezantant ki te gen ant yo. Fanm nan deklare mesye a mòde tèt koulèv la epi rache l lage atè.
Pou kounya Mayorga ap fè fas ak plizyè akizasyon pou kriyote sou bèt, rezistans ak otorite, elatriye. Yo mete li nan detansyon nan sant koreksyonèl Turner Guilford Knight epi l gen yon kosyon 15 mil dola ameriken pou l peye.

Facebook Comments

Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.