Lèzetazini akize Larisi vyole nouvo trete sou zam nikleyè yo

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
lèzetazini akize larisi vyole nouvo trete sou zam nikleyè yo
Otorite amerikèn yo akize peyi Larisi madi 31 janvye a kòmkwa li ta vyole tèm nouvo trete pou redwi zam yo (START), otorite Tonton Sam yo montre nwa sou blan Larisi refize enspektè teritwa li a. Wachintonn menm akize gouvènman ris la ap antrave efò l ap fè pou rezoud pwoblèm sila.
Depatman Deta ameriken an souliyen pozisyon Risi pran pou anpeche Wachintonn egzèse plizyè dwa enpòtan nan trete START la, men tou, li menase asirans ki genyen sou kontwòl zam ant 2 nasyon yo.
Nan lane 2020, enspeksyon yo te blije kanpe akòz pandemi kowonaviris la, sepandan, lè kondisyon yo te reyini pou sa fèt, Risi te refize. Depi mwa dawout pase a li pa bay aksè pou pyès enspektè vizite teritwa li a, an pati akòz tansyon ki gen ant 2 pouvwa yo sou gè ki gen nan peyi Ikrèn nan.
N ap raple, Wachintonn ak Moskou te pwolonje kontra START la nan lane 2021 pou yon peryòd 5 lane, epi bay 2 nasyon yo yon ti espas sifizan pou angaje nouvo diskisyon sou sekirite estratejik yo, daprè Bloomberg.

Facebook Comments

Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.