Nan yon nòt piblik, FAD’H konfime nouvèl lanmò Stanley Raphaël, youn nan militè Lame a, nan dat 4 fevriye ki sot pase a, nan Petyonvil, aprè yon bouch louvri ak yon lòt moun.
Daprè Lame a ki rapòte pawòl kèk temwen, Stanley Raphaël ta pèdi lavi l 4 fevriye ki sot pase a, blòk 5è nan aprèmidi, nan komin Petyonvil, pandan yon diskisyon avèk yon lòt endividi.
Nan nòt sa a, FAD’H la eksprime doulè l epi solidarite l ak fanmi jèn militè sa ki pèdi lavi l pandan kòmansman mwa a nan yon sikonstans ki pa fin twò klè.
Gran katye jeneral Lame a, toujou nan nòt sa, mande Direksyon santral polis jidisyè (DCPJ) fè limyè, nan yon tan ki pa twò long, sou disparisyon jèn sòlda sa.
Daprè premye enfòmasyon yo, Stanley Raphaël ta pèdi lavi l nan entèvansyon yon patwouy Lapolis nan Petyonvil ki pa t ezite tire pandan parèt yo nan espas kote ensidan sa pase an.
Facebook Comments