Pou match chòk nan Champions League la jodi madi 14 fevriye a, ki opoze PSG ak Baryern nan Parc des Princes lan. Lionel Messi pral jwe fas ekip ki bat li plis nan konpetisyon ewopeyen sa, pou 7 match nan Champions League la, Chanpyon Mondyal 2022 a pèdi 5 fwa epi selman 2 fwa li te rive bat ekip Bayern nan nan zafè Champions League.
Star Ajanten an ap jwe fas yon ekip li reyisi mwens nan zafè Champions League. Estatistik jwè an fas ekip Bayern nan fèb, klèb Alman an genyen 5 match fas Messi. Dènye match Pulga a, se te yon rakle Bayern te bay Barcelone (8-2) nan kadefinal, se te 14 dawout 2020, Messi te soti tèt bese nan rankont sa san fè yon gòl.
Men pou sezon 2014/2015 lan, Ajanten an te briye pou Blaugrana yo, kote l te fè 2 gòl ak yon pas gòl, sa ki te fè ekip Barcelone nan bimen Bavarois yo 3-0. Sa ki pi enpotan an se pèfòmans jwè a, paske objektif parizyen yo pou sezon sa se pran tit la. Yon tit Bayern te pran sou yo pou sezon 2020 an.
Paris Saint-Germain k ap kapab konte sou triyo « MNM » nan pou rankont sa, malgre avan rankont lan, staff teknik PSG a te fè konnen, Messi ak Mbappé pa ka jwe. Ekip Galtier a dwe rebondi aprè li fin elimine nan « Coupe de France » lan epi pèdi fas Monaco nan Ligue 1 an samedi pase a.
Facebook Comments