FIFA fè apèl sou desizyon TAS te pran pou blanchi Doktè Yves Jean-Bart a

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
fifa fè apèl sou desizyon tas te pran pou blanchi doktè yves jean bart a
Aprè desizyon Tribinal abitral espò (TAS) te pran nan dat 14 fevriye pase an pou blanchi ansyen prezidan Federasyon an, FIFA fè apèl nan menm kad dosye sa devan yon tribinal federal Swis.
Yon dosye ki sanble lwen pou ta fini. Federasyon entènasyonal foutbòl la ki te sanksyone Yves Jean-Bart pou retire l nan tout aktivite foutbòl jiskaske l mouri, atake desizyon TAS la devan yon tribinal federal nan peyi Laswis.
Kòm prensipal motif, dirijan FIFA yo denonse desizyon TAS te pran yo ki ta gen yon vis grav nan pwosedi yo kote yo pa ta analize tout eleman prèv Federasyon entènasyonal foutbòl la te prezante yo.
Fas ak sa,« FIFA kapab konfime li depoze yon rekou kont santans TAS lan devan Tribinal federal swis lan pou mande anilasyon l epi pou revoye l devan TAS », sa ki di nan kominike sa ki anonse desizyon yo an.
FIFA ki pa deside bay dosye sa vag, fè konnen y ap kontinye aplike « zewo tolerans » pou tout zak vyolans seksyèl ki enplike nenpòt ki manm sou jiridiksyon l yo pandan l angaje l pou pwoteje viktim yo.
Nan yon konferans pou Laprès, Doktè Yves Jean-Bart te anonse l ap retounen nan tèt FHF la aprè desizyon TAS te pran pou blanchi l yo. Sa FIFA voye jete byen lwen kote yo menm menase pou ta sanksyone Federasyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.