Misyon bato Kanadyen yo nan dlo Ayiti yo pran fen, pèp la ap tann rezilta

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
misyon bato kanadyen yo nan dlo ayiti yo pran fen, pèp la ap tann rezilta
Minis Defans Nasyonal Kanadyen an, Ana Anand, te anonse dimanch 19 janvye 2023 sa a, sou kont Twitter li, bato Kanadyen ki t ap patwouye nan dlo ayisyen yo mete fen nan misyon yo.
Vrèman vre, Minis Defans Nasyonal Kanadyen an, Ana Anand, te fè konnen HMCS Glace Bay ak Moncton konplete misyon yo nan dlo ayisyen yo ak ozalantou yo.
« Mwen remèsye maren nou yo pou kontribisyon yo nan sekirite nan rejyon an, ”minis la te ekri sou kont Twitter li dimanch sa a, tout pandan li te kontinye pou li di « nou pral kontinye sipòte pèp ayisyen an nan efò yo pou yon avni lapè ak pi pwospere ».
2 bato Marin Kanadyen sa yo, ki te gen misyon ki te kòmanse 2 Mas 2023 a, te pase plis pase 2 semèn nan dlo ayisyen yo ak ozalantou yo.  Yo te la pou pi byen konprann sitiyasyon maritim la epi sipòte efò pou tabli ak kenbe sekirite pou Ayisyen, dapre yon tweet Minis Anand te pibliye menm jou a.
N ap raple, sitiyasyon sekirite a ap vin pi katastwofik nan peyi a chak kou k ap pase, sepandan Otawa toujou pa vle pran lidèchip yon fòs miltinasyonal posib pou ede peyi a fè fas ak gang ak zam k ap simaye laterè nan peyi a, jan gouvènman ayisyen an te mande sa nan mwa  oktòb lane ki sot pase a, malgre pwoblèm ensekirite ki gen nan peyi, ki se pi gwo pwoblèm pou sitwayen ayisyen.
Byen souvan popilasyon Ayisyèn nan santi otorite lokal yo pa kapab garanti sekirite yo, kidonk yo souvan bezwen konte sou sipò kominote entènasyonal la pou fè fas ak pwoblèm sa yo.  Kidonk, Ayisyen souvan gen gwo atant nan òganizasyon entènasyonal la tankou Nasyonzini ak lòt gouvènman etranje yo pou ede abòde pwoblèm sekirite nan peyi a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.