Vandredi 3 fevriye a, gwoup Fitisch te sòti premye mizik yo ak yon kominike, pou anonse egzistans yo nan endistri mizikal Ayisyen an. Gwoup sa ki fòme ak jèn talan nan peyi a tankou Dj Kemissa, Paceus Saint Fleur ak kèk lòt atis, vle mete kilti Ayisyen an an valè, pandan y ap melanje rit afwo-karayibeyen an ak rit tradisyonel Ayiti yo.
Kolaborasyon sa ant jèn atis sa yo, vini nan lide pou sansibilize epi edike sosyete a sitou jèn yo, sou sa k ap pase nan peyi a atravè mizik. Yo vle mete men yo nan pat la, pou fè kilti Ayisyen an monte pi wo.
« Nou 2, se 2 activis ki toujou leve vwa nou pou anpil koz nan peyi a, donk nou panse mizik se meyè zam pou sansibilize epi edike jèn yo sou sa k ap pase nan peyi a. Nan aspè atistik sa, nou vle pwopoze yon fòma ki gen fizyon rit elektwonik afro karayibeyen ak rit tradisyonèl Ayisyen yo, » se sa dj Kemissa, youn nan fondatè gwoup la te esplike nou, nan yon ti bat bouch nou te gen ak li.
Sans kreyativite ak imajinasyon chak jèn ki fè pati Fitish genyen, fè de yo yon valè ki enpòtan ki makonnen ak yon pwomès garanti pou fè lonè kilti peyi Dayiti an. Premye mizik gwoup sa ki prezante yo ofisyèlman ak piblik la a, ki pote non kòmandan, se yon konvèsasyon ant yon sitwayen ak yon polisye. Menm si li gen yon aspè amizan, li vle pase yon mesaj kòm kwa tout moun gen responsabilite yo pou yo pran nan sosyete y ap viv la.
Epi se nan sans sa Fitisch vle fonksyone: pandan y ap trip sou yon bit, yo vle pase yon mesaj, daprè Dj Kemissa. Gwoup sa vle edike jèn yo, ofri yon detant ki sen, touche tout kouch sosyal, epi pwopoze yon fòma pèfòmans ki diferan, kote yon dj, yon chantè ak lòt mizisyen ap ofri yon espektak.
Fitisch gen pwojè nan wout, tankou sòti yon lòt single ak yon albòm ki ta dwe pare nan fen ane 2023 a. Nan albòm sa, gwoup la ap abòde sijè tankou lanmou, sosyete, espirityalite, l ap gen mizik angaje sou li tou, pase pran eslogan ak mizik trip.
Facebook Comments