San Karim Benzema, Real Madrid tonbe fas ekip Majorque la (1-0), jodi dimanch lan, nan kad 22zyèm jounen Liga. Marco Asensio rate penal epi Nacho bay tèt li gòl. Defèt sa bay posibilite ak Barcelone pou l pran tèt klasman Liga ak 8 pwen sou Real, si Blaugrana yo ta genyen Seville jodi a.
Real pèdi posibilite pou l te mete plis presyon sou Barcelone nan Liga pou 22zyèm jounen an. Ekip Ancelotti a ki tap jwe san san K. Benzema, E. Militao ki blese epi Thibaut Courtoiste ki te pran yon ti bobo pendan l tap chofe te rate match sa. Ekip Real te parèt devandèyè fas Majorque, san enspirasyon, sa ki rive yo anpil pendan sezon sa.
Avan Mondyal klèb yo nan peyi Mawòk, Real Madrid pèdi yon match enpotan nan Liga, kote se pwòp jwè li ki fè gòl la pou advèsè li a nan 13zyèm minit. Epi Marco Asensio ta pral rate yon penal nan match la.
Se vre ekip Ancelotti a tè gen posesyon balon ak 71% epi fè 8 shoot kadre nan gòl la, men sa yo pat anpeche Real pèdi. Defèt sa bay ekip Barcelone nan yon bèl avantaj pou li rete yon solid lidè nan Liga. Viktwa Barcelone fas Seville, ap bay jwè Xavi 8 pwen sou Real Madrid.
Vinicius te sèl jwè ki montre l te anvi genyen match sa, Asensio pat bay anyen sou bò pal epi Rodrygo nan pos atakan pat ka jwenn chemen filè a. Real ki kòmanse fè fanatik li yo pè pou tit Liga ane sa.
Facebook Comments