Direktè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti a (DGPNH) Frantz Elbé deklare, nan moman enstitisyon an t ap bay bilan operasyon li yo pou lane 2022 a, « PNH pa t kreye nan lide pou te konbat krim òganize ».
Elbé fè konnen pwoblèm sila pa sèlman repoze sou do enstitisyon polisyè a, men li se yon nesesite tout fòs ak kout men divès sektè nan lavi nasyonal la.
Toutfwa li denonse, « byen souvan, ensekirite a se konsekans aksyon ki fèt nan lòt zòn. Lapolis la ap batay chak jou kont bandi yo avèk mwayen li genyen ».
« Nou mennen plizyè operasyon ki pote rezilta. Di lapolis la echwe nan misyon l, se prezante l kòm yon fòs ki pa gen okenn itilite, sa grav ».
Pou DGPNH la solisyon pwoblèm nan pa chita sèlman sou do PNH la men fòk genyen yon maryaj ant diferan sektè lavi nasyonal la.
« Si lapolis la ap sezi zam ak katouch epi yo kontinye ap enpòte yo, n ap gen yon ide. Dwe gen sinèji ki devlope. Sezi zam se yon efò konsiderab nan nivo lapolis la », se sa Direktè Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti a, M. Frantz Elbé te fè konprann pandan enstitisyon an t ap drese bilan li pou ane 2022 a ki pa lwen ale.
N ap raple nan kad menm jounen mèkredi sila, lapolis te fè konnen li mennen 1 140 operasyon nan tout peyi a, pami yo 63 atak epi touye 149 bandi.
Frantz Elbé fè remake pandan operasyon sa yo, yo te fè 12 964 arestasyon ladan yo asasina (301 arestasyon) ; dwòg (348 arestasyon) ; trafik moun ak kontrebann (124 moun kaptire) ; krim finansye (61 arestasyon) ; vyolasyon (312 moun arete) ak 334 manm aktif nan diferan gang nan teritwa a.
Lapolis endike yo te sezi 367 zam, ki gen ladan yo 39 fizi atak ak 146 234 katouch. Yo te sezi 2 738,38 kilogram dwòg, ki gen ladan 54,87 kilogram kokayin, epi yo detwi 5 plantasyon dwòg. Bilan PNH la rapòte 41 otaj libere, 93 ka kidnapin dejwe nan tout zòn metwopolitèn nan an patikilye. 58 machin ak 2 533 motosiklèt sezi, epi lapolis rive sezi 3 bato ak yon “yatch”.
Facebook Comments