Gang Kanaan toujou ap simaye latwoublay ; 3 manb yon sèl fanmi mouri  

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Foto : Loop Haiti

3 manb yon sèl fanmi mouri anba bal bandi nan Kanaan, sou wout nasyonal nimewo 1 an. Aprè malfra yo fin komèt zak la yo mete dife sou yo. 

Wi, yon papa ak tout yon pitit fi li ki gen 14 lane epi grann li peri anba zam ak gazolin bandi Kanaan, se sa nou aprann ayè jedi 08 desanm nan pa bò kote yon moun ki sove kite zòn nan suit ak zak sila. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li esplike depi se moun yo sispèk ki pa mache selon prensip yo, depi se moun yo konsidere kòm antèn lapolis (toutè) yo chèche yo pou touye grenn pa grenn ak tout fanmi yo. Toutfwa madanm mesye a pa t la, sa ki fè li rive sove anba krim sila. Erezman.  

N ap raple, sòti Kanaan 70, Kanaran 90, pase pran Minotri pou al bout Kabarè, zòn Sous matla, depi plizyè jou bandi ki okipe la yo ap fè gwo presyon sou popilasyon an. Nan zòn Sous Matla yon masak te fè anviwon yon ventèn mò nan lannwit 29 novanm pou al bout 30 novanm 2022 a, nan maten. Kriminèl yo boule plizyè moun ak kay tou. 

Ensekirite a pa chome sou wout nasyonal nimewo 1 an, sòti depi Pòtoprens pou al bout nan Nò peyi a. Menm jan ak pou gran Sid la tou. Depi plizyè lane kriminèl yo okipe teritwa nan men otorite yo, jiskaprezan poko gen okenn dispozisyon dirab ki pran pou mete yon fren nan move zak bandi yo ap poze nan sosyete ayisyèn nan. 

Ensekirite a rive nan yon pik san parèy sou teritwa a pandan 2 deseni ki pase la yo, e sitiyasyon an vin deteryore sitou depi aprè asasina prezidan Jovenel Moïse, 7 jiyè 2021 pase a. Menm lè lapolis mete plizyè bandi anba kòd oubyen voye yo nan peyi san chapo, sa pa anpeche rès ki rete yo ap poze vye zak sou popilasyon an, sitou fanm ak tifi yo ki sibi vyolans seksyèl nan nan plizyè zòn tankou Kanaan, Kabarè, Ti rivyè Latibonit, Lyankou, elatriye.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.