Fabrikan Sex-toys yo ap chèche 500 moun pou eseye nouvo kit yo 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
fabrikan sex toys yo ap chèche 500 moun pou eseye nouvo kit yo 

Avanse pwodwi Sex-toys yo kontinye ap domine mond lan gras ak pwogrè teknoloji a, Lovehoney Group, youn nan pi gwo manifaktirè nan mond lan nan zafè konstwi fo gigit pou fè bagay san bezwen yon mennaj oubyen yon patnè, ap chèche pou pi piti 500 moun nan peyi Lafrans ki dwe entegre panèl ki responsab pou teste nouvo pwodwi l yo, daprè yon rapò jounal Le Parisien pibliye. 

Konpayi Alman an, ki se chèf lebèl konpayi Womanizer, lanse yon kanpay pou rekrite prèske 500 moun an Frans pou teste nouvo akseswa sèks li yo. Pi etranj nan tout bagay sa a, travay sa a se sèlman yon misyon volontè. Testè volontè yo dwe jwenn rekonpans ak kado yo chwazi nan katalòg akseswa seksyèl yo depi premye jou kandidati yo. Misyon sa a melanje, depi nan parèt ou, ou dwe gen kit pa w, pou  w al tchyoule kòw anba fo gigit elektrik oubyen manyèl yo kòmsadwa. Daprè presizyon youn nan volontè yo ki gen 40 lane. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Mwen twouve se yon bagay ki ase enteresan pou nou patisipe nan kreyasyon fo koulout yo. Pou fanm yo li byen senp, men pou gason yo se yon preliminè, mwen kontan fè pati de revolisyon sa, » benevòl la te ajoute. 

40 lane, volontè a fin vye granmoun nan pratike fè bagay ak yon fo gigit, ak yon fyète epi yon rekonfò li p at kache santiman l pou pratik la, li eksplike nan entèvyou a li dwe reponn yon fòmilè chak mwa anvan menm li kòmanse gouye anba fo gigit ki acheve yo. Lè sa a, li resevwa yon pwototip ki soti dirèkteman nan antrepriz fabrikasyon an. « Ak fòs w ap itilize l nan kad yon tès, sa ap ede w pou w plis pwòch sansasyon w, ou entèliktyalize l plis tou », li te kontinye pale konsa. 

Pou l te reponn ak kesyon yo, sa pa t pranl anpil tan,  » se yon seri kesyon ki ase senp, kisa nou panse de pwodui a :  Fasilite pou n itilizel  :  kijan nou konprann materyèl la : epi sansasyon nou santi an…. » Aprè sa, li eksplike tout rès bagay yo senp, yo rekrite w, ba w plizyè kategori kit yon fason pou w jere tèt ou jiskaske w tande tèt ou k ap fè alsiyis epi voye kòmsadwa tankou ou te gen yon patnè avè w. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.