Gouvènman Bahamas lan mande pèsonèl diplomatik li an kite Ayiti san pèdi tan

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
gouvènman bahamas lan mande pèsonèl diplomatik li an kite ayiti san pèdi tan
Aprè evènman ki pase ayè jedi 26 janvye 2023 a nan divès kwen rejyon metwopolitèn lan, Premye minis Bahamas lan, Philip Davis bay lòd pou tout pèsonèl diplomatik li an kite Ayiti prese prese nan yon kominike Ministè afè etranje an pibliye.
Nan kominike sa, gouvènman Bahamas lan fè konnen desizyon pou fè pèsonèl diplomatik yo an kite peyi an se yon mezi pou yon ti bout tan aprè evènman ayè jedi yo kote y ap gen pou fè yon evalyasyon epi revize sekirite ak ransèyman anbasad yo an an Ayiti.
Gouvènman bayameyen an kalifye desizyon sa kòm yon mezi pridans ki vize pwoteje pèsonèl misyon diplomatik li an ki nan Pòtoprens, kapital peyi an ki sou tansyon pandan twa dènye jou yo avèk asasina 6 polisye nan Lyankou yo.
Mezi sa vini prensipalman aprè atak ki te vize Premye minis defakto ayisyen an, Ariel Henry, ki te gen pou rantre nan peyi an ayè jedi an kote pwotestatè yo te atake Ayopò entènasyonal Tousen Louvèti an epi rezidans prive chèf gouvènman an.
Ministè afè etranje Bahamas lan fè konnen nan kominike sa, lè kondisyon yo amelyore, yon ekip ap gen pou retounen nan peyi an san yo pa p gen bezwen anonse sa. Toutfwa, gouvènman an lanse yon apèl ak peyi manm CELAC yo pou ede Ayiti fè fas ak sitiyasyon kriz sa l ap konnen dènye ane sa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.