Yon marasa ki gen menm fwa separe ak siksè pandan yon operasyon Etazini

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
2 marasa ki gen men fwa separe ak siksè pandan yon operasyon etazini
AmieLynn ak JamieLynn, se non 2 sè ki fèt tou kole nan Eta Teksas, Etazini, depi Oktòb 2022, kidonk yo marasa. Swit ak yon operasyon, yo rive separe yo alòske yon te gen yon sèl fwa pou yo 2 a.
Aprè 11zè operasyon sou direksyon José Iglesias – ki se direktè chiriji pedyatrik “Cook Infantile Medical Center” ki nan Fort North – 2 sè yo rive separe alòske yo te fèt tou kole nan pati enferyè estènòm yo pou rive nan lonbrik yo, sa te lakòz yo gen yo te pataje yon ògàn entèn pou yo 2 a.
2 bebe yo te fèt avan lè 3 Oktòb 2022 a nan 34yèm semèn jestasyon, yo peze 2,17 kilogram ki pou 4,8 liv, daprè sant medikal la.
Se 25 pwofesyonèl, pami yo 6 chirijyen, ki te reyalize operasyon sila ki potko janm fèt nan sant medikal sila depi 105 lane ekzistans li.
Klinik ki fè entèvansyon an fè konnen « AmieLynn ak JamieLynn fèt nan divès sikonstans ki, pa abitid, difisil anpil », yo rantre nan listwa lendi a kòm premye jimèl ki te ini, kidonk syamwa, enstitisyon an separe.
« Chiriji separasyon sa ap bay yo plis opòtinite pou sante yo amelyore epi pou yo devlope pi byen yo chak la nan bò pa yo », se deklarasyon Doktè Iglesias.
N ap raple, nesans jimo syamwa yo se pa yon bagay ki fasil ditou, yo estime genyen yon ka ki resanse sou chak 200 mil nesans. Yo souvan konekte pa pwatrin yo, abdomèn oubyen nan tay yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.