Gouvènman kanadyen an sanksyone Nenel Cassy ak Steeve Khawly

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
gouvènman kanadyen an sanksyone nenel cassy ak steeve khawly
Premye minis kanadyen an, Justin Trudeau anonse jodi vandredi an mezi sanksyon yo pran kont ansyen senatè Nenel Cassy ak biznismann Steeve Khawly pou enplikasyon yo nan alimante aktivite kriminèl yo an Ayiti.
Nan yon kominike ofisyèl ki pibliye jodi vandredi an sou sitiyasyon Ayiti an, gouvènman kanadyen an konfime sanksyon yo pran kont de nouvo pèsonalite elit ayisyen an ki mete a 19 kantite moun ki deja tonbe anba sanksyon sa yo.
Ansyen senatè Nip lan, Nenel Cassy ak biznismann epi ansyen kandida pou pòs prezidan, Steeve Khawly, tonbe anba sanksyon gouvènman kanadyen an k ap pran mezi pou entèdi yo rantre sou teritwa yo an epi bloke tout lajan yo ta genyen nan peyi Kanada.
Nan menm kominike sa, gouvènman kanadyen an anonse dispozisyon y ap pran pou pote yon èd finansye evalye a 100 milyon dola ki prale jwenn Lapolis la atravè bon jan materyèl epi yon pati nan lajan sa k ap vin jwenn yo.
N ap raple, prezidan ameriken an, Joe Biden prezan nan peyi Kanada pou rankontre Premye minis kanadyen an kote dosye Ayiti an pami sijè k ap gen pou diskite yo. Malgre presyon, Ottawa toujou pa anvizaje voye sòlda an Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.