Categories: AN KREYÒL ECONOMIE

Grangou an kontinye ap ogmante nan peyi Dayiti

Share
Plizyè katye ki pòv nan kapital la ap fè fas ak yon famin san parèy, pami yo pi gwo bidonvil peyi a ak Karayib yo, Site Solèy. Depi 2016 nivo grangou a triple nan peyi Dayiti,  jiskaprezan sanble li poko atenn denye dènye nivo l, se sa Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) fè konnen.
Direktè PAM lan nan peyi Dayiti, Jean-Martin Bauer rapòte se prèske mwatye nan popilasyon an k ap soufri akòz yon ensekirite alimantè sevè. Li bay gwo alèt sou sitiyasyon an an rezon pita ap pi tris.
Li revele anplis sa, pri pwodwi premye nesesite yo, sitou lamanjay, ki ogmante lakòz 8 Ayisyen sou 10 blije diminye nan sa y ap manje chak jou.
Responsab la fè konnen se bon jan finansman ak yon volonte politik san parèy k ap pèmèt pèp ayisyen an sòti nan kriz alimantè aktyèl la.
“Mond lan paka tann yon gwo katastwòf pase avan l aji”, se deklarasyon M. Bauer.
Pwogram alimantè mondyal (PAM) fè konnen l ap bezwen 125 milyon dola vèt pou l reponn ak bezwen popilasyon ayisyèn nan pou 6 pwochen mwa k ap vini la yo.
Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: Jean Martin Bauer Pwogram Alimantè Mondyal (PAM)