Categories: AN KREYÒL SANTÉ

Grèv nan lopital jeneral

Share

Depi kòmansman ane 2023 a, pi gwo sant k ap bay laswenyay nan peyi a tanmen yon grèv pou move tretman gouvènman an ap bay moun k ap travay nan lopital jeneral yo. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Lopital inivèsite leta d Ayiti a ki gen kòm sig nan lang fransè a (HUEH) nan grèv daprè doktè Novensky Aurélien nan  yon entèvyou li bay sou yon estasyon radyo nan kapital la… 

Doktè a fè konnen moun k ap travay nan lopital leta a paka fonksyone byen ak Tikal lajan yap touche a li mande ogmantasyon salè 11,250 goud  anplwaye yo ap touche chak mwa, yon salè ki la depi plis pase 6 lane  

Pandan tout bagay ap monte nan peyi a kous machin triple, pwodwi Premye nesesite ogmante kat fwa plis pou yon moun k ap bay swen ap touche yon pitans konsa se pou gouvènman an panse ak anplwaye nan lopital leta a pou yon pi bon kondisyon lavi. 

Medsen an kontinye poul di grèv la ap toujou kenbe jis kaske revandikasyon yo satisfè  

Pandan yon medsen ap jere peyi a epi sektè sante a, lopital jeneral pa fonksyone, moun ap mouri pou laswenyay pa gen oksijèn nan lopital yo tout pandan Ayiti ap konnen yon tibilans politik. 

REDAKSYON : JOCELYN Couyoute

Netalkole Media

Restez informé(e) 7 jours sur 7, 24h sur 24, des événements marquants de l’actualité haitienne et internationale.

Leave a Comment
Published by