Jodia mèkredi 28 septanm 2022 a, plizyè santèn moun pran lari nan vil Govayiv pou mande demisyon Premye Minis Ariel Henry nan tèt peyi a san okenn kondisyon aprè deklarasyon Minis Afè Etranje a devan Nasyonzini, kote li te di tout bagay sou kontwol nan peyi a.
Manifestan sa yo ki anpil nan vil Gonayiv fè konnen yo pap manifestan pou mande Doktè Ariel Henry pou lo deann pri gaz nan ponp ankò, men pito yo mete pye yo atè jodi Mèkredi 28 septanm 2022 sa dechouke Premye Minis Ariel Henry, sou pouvwa, limenm non li site nan asasina Ansyen Prezidan Jovenel Moïse.
Foul moun sa yo ki motive, di yo pap bay lari tout tan Chèf gouvènman, Ariel Heny pa kite pouvwa, nan sans sa popilayson site endepandans lan fè konnen yo pral monte barikad yo pi wo toujou, pou fòse Ariel Henry kite pòs li okipe a.