Etazini, yon ayisyen ameriken plede koupab pou trafik ilegal zam 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
etazini, yon ayisyen ameriken plede koupab pou trafik ilegal zam 

Sitwayen ameriken ki gen orijin ayisyen, Peniel Olibris, 32 lane, plede koupab pou kontrebann, espesyalman trafik zam k ap sòti sou teritwa ameriken an, sa biwo pwokirè Etazini pou distri Colorado a anonse. 

Daprè akò pledwaye, Peniel Olibris te atire atansyon fòs lòd yo nan mwa oktòb 2019 lòske yon jeran magazen zam nan Arvada, Colorado, te siyale prezans yon kliyan ki sispèk. Nan ankèt Biwo alkòl, tabak, zam ak eksplozif ta pral mennen, montre akize a ansanm ak yon lòt asosye te achte 77 zam nan distri Colorado a sòti fevriye 2019 pou rive jen 2020. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Akò pledwaye fè konnen nan mwa jiyè 2020, Peniel Olibris te admèt ak fòs lòd yo li te voye kèk zam an Ayiti, kote li sòti ak kote li gen fanmi k ap viv toujou. Daprè enfòmasyon li bay yo, zam sa yo te kache nan de bwat anndan machin e te mande chofè yo mennen machin sa yo nan Floride kote youn nan asosye l yo gen misyon voye machin sa yo Ayiti. 

Daprè konpayi maritim ki nan Fort Lauderdale, nan Floride, Peniel Olibris voye 13 machin an Ayiti sòti 30 septanm 2019 pou rive 20 me 2020. Akize a ki plede koupab jounen 19 septanm 2022 a devan jij Regina Rodriguez, pral kapab prezante devan tribinal pou jije nan dat 12 janvye 2023. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.