Jamayik dispoze pou voye sòlda ak polisye li an Ayiti nan batay kont gang yo

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
png 20230201 075802 0000
Pou fè fas ak ensekirite a k ap taye banda nan tout 4 kwen peyi a, Jamayik dispoze pou ta voye sòlda ak polisye li an Ayiti nan kad entèvansyon yon fòs miltinasyonal nan peyi a, sa Premye minis Andrew Holness ki fè konnen sa  ayè madi an.
Chèf gouvènman jamayiken an ki te devan palman an fè konnen, peyi l ap dirije a pare pou fè pati nenpòt fòs miltinasyonal k ap gen pou fè entansyon an Ayiti nan lide pou retabli estabilite ak lapè k ap pèmèt peyi a reprann ray pwosesis demokratik li yo.
Daprè Andrew Holness, fòs militè ak polis jamayiken yo deja okouran sou sitiyasyon sa epi menm kòmanse planifye posibilite pou ofri entèvansyon yo nan peyi a ki jounen jodia ap fè fas ak yon gwo kriz ensekirite, kote prèske tout rakwen okipe ak yon gwoup nèg ak zam ilegal.
Nan mwa oktòb 2022, gouvènman ayisyen an te adrese ak Nasyonzini yon demann pou entèvansyon yon fòs miltinasyonal nan peyi a pou fè fas ak ensekirite an. Jis jounen jodia, kominote entènasyonal la toujou poko deside rantre nan demach sa tout bon vre.
Aprè Bahamas ki te deja fè konnen yo dispoze pou voye sòlda nan peyi a, Jamayik vini dezyèm peyi nan rejyon Karayib la ki ofisyèlman montre enterè yo pou patisipe nan tout entèvansyon yon fòs miltinasyonal an Ayiti ki vize konbat ensekirite a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.