Jwè ki pran pi piti tan pou fè 5 gòl nan yon sèl match 

Jwè Ki Pran Pi Piti Tan Pou Fè 5 Gòl Nan Yon Sèl Match 

jwè ki pran pi piti tan pou fè 5 gòl nan yon sèl match 

Make plizye gòl nan yon sèl match pa yon bagay ki fasil menm. Men gen jwè ki tèlman bon nan egzèsis sa ki rive fè nenpòt 5 nan menm match la e yo pa pran twòp tan pou yo fè eksplwa sa. 

Fè filè a tranble 5 fwa nan yon match,  sa rete yon eksplwa. Gen yon ti kras jwè ki rive fè sa. Pèsòn pa fè sa nan pi piti tan pase Robert Lewandowski. Nan yon match kote Bayern te malmennen Wolfsburg, Polonè te fè 5 gòl nan 9 minit sèlman. 

Sa k pi entèresan nan rekò Lewy a, se sou ban l te soti pou l vin simaye gòl epi yo t ap mennen sou Bayern avan l te monte. Moun ki vin aprè l la se Sergio Agüero. Ajanten an te fè 5 gòl nan 20 minit nan epòk li t ap jwe nan ekip Manchester City a. 

N ap jwenn Jermain Defoe nan lis sa tou. Atakan Anglè a ki te konn jwe nan Tottenham ak Sunderland te reyalize eksplwa sa nan 36 minit. Miroslav Klose, pi bon bitè istwa Koupdimonn nan, te fè kentiple a nan 39 minit lè l t ap jwe nan Lazio. 

Sa ki pi resan nan tout kentiple yo se pa Kylian Mbappé a. Se premye fwa sa rive nan karyè jèn jwè a tou. Men Kyks te pran plis tan pase lòt yo pou l fè 5 gòl li yo. Atakan PSG a fè l nan 50 minit. 

 

Quitter la version mobile