Kanada pa ekate yon entèvansyon militè nan peyi d Ayiti 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
kanada pa ekate yon entèvansyon militè nan peyi d ayiti 

Nan yon antrevi li bay kotidyen kanadyen La Presse, chèf gouvènman kanadyen an te pwononse l sou kriz aktyèl la k ap sakaje bil peyi d Ayiti depi plizyè lane. Li pa t ekate posibilite pou Kanada patisipe e menm pran kòmand yon entèvansyon militè sou teritwa a.

Trudeau, yon lòt kote, te tou pwofite mande pou peyi ki an Ewop yo te rejwenn peyi yo ki nan Amerik di Nò a, pou yo te sanksyone elit yo nan Karayib la ki gen men tranpe nan koripsyon ak finanse gang nan peyi d Ayiti.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Li toutfwa deklare Kanada ap evite refè menm erè oparavan yo nan kouri fè yon entèvansyon militè nan peyi d Ayiti, jan premye minis Ariel Henry te mande l la. 

“Nou gen yon long istwa an Ayiti, 30 ane aprè nou toujou nan yon kriz ki grav, si li pa pi mal pase lòt yo”, Trudeau te deklare bay La Presse. Li te ajoute “nou ap dirije Etazini nan misyon an, e nou kapab menm dirije Ewòp la, pou yo tou enpoze pwòp sanksyon yo”. Deja n ap raple, Swis pran sanksyon kont kèk konsène nan zafè sila deja. 

Nan mwa Oktòb pase, lokatè Primati a te mande deplwaman twoup etranje sou teritwa nasyonal la nan lide pou te konbat gang yo epi pou te ede debloke gaz la ki te anba grif gang kriminèl yo nan Site Solèy.  Malgre pa gen twoup entènasyonal ki deplwaye jiskaprezan, Etazini ak Kanada anonse yon seri de sanksyon kont plizyè politisyen ayisyen enpòtan yo akize ki tabli yon klima ensekirite sou peyi a. 

Wi, premye minis Justin Trudeau te konvoke yon katriyèm chita pale sou dosye Ayiti a 13 desanm pase a ak « gwoup entèvansyon an ka ensidan » ki gen ladan l plizyè minis ak wo fonksyonè, daprè sa gouvènman kanadyen an te  fè konnen atravè yon nòt. 

Nan kad chita pale sila anbasadè ak reprezantan pèmanan Kanada a pa bò kote Nasyonzini nan Nouyòk, Bob Rae ; anbasadè Kanada Ozetazini, Kristen Hillman epi anbasadè Kanada an Ayiti, Sébastien Carrière, tout te prezan nan reyinyon sila. 

Nan kad echanj ki t ap fèt, gouvènman kanadyen an te enfòme de sitiyasyon sekiritè ak imanitè peyi a, kote sitiyasyon an frajil anpil paske jiskaprezan « Ayisyen yo toujou ap fè fas ak vyolans gang ak zam nan tout sans, pami yo asasina, vyòl, destriksyon byen ak deplasman fòse ». 

Premye minis Trudeau, yon lòt kote, pa t ekate posiblite pou twoup li yo te fè pati yon entèvansyon militè an Ayiti, alevwa menm pou l ta dirije youn, men inisyativ Kanada pran pou sanksyone plizyè dirijan ki enplike nan sak pa sa pa bò isit an Ayiti yo, sitou nan zafè banditis, se pou kòmanse bay yon ekzanp diferan pa rapò ak lòt metòd avan yo kominote entènasyonal la te konn fè an Ayiti san yo pa t abouti ak anyen serye. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.