Kantite lajan abit yo ap touche pou Mondyal la 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
kantite lajan abit yo ap touche pou mondyal la 
Anpil moun fokis sou kantite lajan jwè yo ak ekip yo rantre pou Mondyal yo. Men yo pa janm prete atansyon ak salè abit yo. Yo devwale konbyen kòb abit yo ap touche pou Mondyal Kata 2022 a. 
Daprè jounal As, chak abit ap resevwa lapoula 70.000 dola vèt pou patipasyon yo nan chanpyona mondyal la. Kote pa asistan yo, y ap touche 25.000 dola pou patisipasyon yo.
Pou chak match yon abit santral dirije nan faz gwoup Mondyal sa a, y ap grese men l ak 3 000 dola vèt. Men lè yo rive nan faz ki gen eliminasyon dirèk yo, se 10.000 dola k ap vin jwenn yo pou chak match.
Kantite lajan yon abit santral, sa n rele direktè jwèt la, pa menm ak pa yon abit asistan. Abit asistan oubyen 4è abit yo ap resevwa 2500 dola pou chak match premye tou yo patisipe epi 5 000 dola pou chak match dezyèm tou.
Kòm VAR antre nan koze a kounye a, abit videyo yo dwe touche tou. Abit k ap jere VAR yo ap touche yon montan 3 000 dola pou chak match gwoup epi 5 000 dola apati uityèm final yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.