Dani Olmo make 100yèm gòl pou Espay nan listwa Mondyal la

Jephte Pascal
Par
Jephte Pascal
Rédacteur
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.
- Rédacteur
dani olmo make 100è gòl pou espay nan listwa mondyal la

Dani Olmo rantre nan listwa ak ekip Espay la nan match ki te opoze yo ak Kosta Rika. Jwè RB Leipzig la enskri 100è gòl « Roja » fè nan tout istwa Mondyal la.

Espay fè yon bèl antre nan Mondyal la kont Kosta Rika. Panyòl yo pilonnen ekip Concacaf la e Dani Olmo te patisipe nan fèt la. Avèk grenn gòl li a, Olmo vini jwè ki pèmèt Espay fè yon 100è gòl pou tout match li jwe nan zafè Koup Di Mond depi lè konpetisyon an kreye.

Anfas peyi Keylor Navas la, se Olmo menm ki te fè premye gòl match la nan onzyèm minit match la. Jwè panyòl la te ranpòte yon fas pou fas ak gadyen eksperimante k ap jwe nan PSG a. Aprè gòl sa, ekip Espay la te tou jwenn fòs pou mache sou advèsè.

Espay vini sizyèm peyi ki rive atenn ba 100 gòl la nan istwa konpetisyon an. Li antre pi fon nan klasman ekip ki make plis gòl nan istwa Mondyal la. Nan klasman sa, n ap jwenn Brezil (229 gòl), Almay (227), Ajantin (138), Itali (128) ak Lafrans (124).

- Advertisement -
Ad image

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.