Kèk avantaj ki genyen nan atenn ògas

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
kèk avantaj ki genyen nan atenn ògas

Menm jan move abitid kapab gen move konsekans sou sistèm iminitè nou, se konsa tout kèk bon abitid tankou fè espò, dòmi ase oubyen genyen yon vi seksyèl aktiv, ede nou gen yon pi bon sistèm iminitè. Aprè sansasyon byenèt li bay la, atenn yon ògas pandan yon rapò seksyèl oubyen yon mastibasyon, gen anpil lòt bagay li pote pou kò à. 

Gen anpil rechèch ki fèt sou avantaj ògas genyen sou sante mantal ak fizik moun men gen anpil lòt bagay ankò ki rete pou syantifik yo dekouvri sou kijan kò nou reyaji avan ak aprè liberasyon seksyèl sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon rapò seksyèl oubyen yon mastibasyon pwovoke yon pouse dopamine nan kò a ki se yon pwodwi chimik ki gen pou wè ak kapasite nou genyen pou nou resanti plezi. Nou libere tou nan moman sa yo yon òmon ki pote non ocytocine. Yo bal ti nom « hormone de l’amour ». 

Liberasyon òmòn ak pwodwi chimik sa yo pa selman ba nou yon sansasyon kè kontan, men yo jwe yon wòl nan dimiminye nivo estrès nou e fè nou santi yon nivo relaksasyon, paske Ocytocine nan ki libere a, diminye Cortisol la ki se yon òmon estrès ki parèt lè moun pè oswa panike, elatriye. 

Daprè Doktè Gloria Brame, yon ògasm pwovoke pi gwo eksplozyon dopamine dwòg pa janm bay, ke nou ka resanti. Doktè a esplike tou, Lè nivo ocytocine nan ak dopamine nan ogmante épi nivo cortisol la bese, sèvo a vinn nan yon eta ki rilaks, detann epi kalm. Sa ede tou ranfòse sistèm iminitè moun.  

Doktè Jennifer Landa, ki espesyalis nan òmonterapi fè konnen mastibasyon se yon bon mwayen pou yon sistèm iminitè ranfòse épi pwospere. Gen yon etid depatman sikolòj medikal klinik inivèsitè Essen nan peyi Almay mennen, kote 11 volontè te patisipe. Syantifik yo ekzamine efè ògasm ki pwodwi pa mastibasyon genyen sou globil blan yo ak sistèm iminitè yo. 

Pandan eksperyans sa, chèchè yo analize kantite globil blan chak patisipan yo pwodwi 5 minit avan ak 45 minit aprè yon ògasm pa mastibasyon. Rezilta yo konfime eksitasyon seksyèl la ak ògasm la ogmante quantité globil blan nan kò a, sitou selil ki la pou ede konbat enfeksyon, kidonk, yo gen yon enpak pozitif sou sistèm iminitè an.  

Ògasm yo diminye doulè, e tou ede konbat rim, grip ak tet fè mal. Newològ ak espesyalis nan tretman tèt fè mal Stefan Evers esplike, anviwon yon pasyan sou 3 resanti yon soulajman de kriz migrèn yo konn genyen pandan yo vinn gen yon vi seksyèl aktiv e atenn ògas souvan.  

Si nou vle ranfòse sistèm iminitè nou, konbat estrès, doulè, tèt fè mal, rim, grip, elatriye, li enpòtan pou nou atenn ògas. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.