Kèk bèl transfè ki fèt nan dènye jou mèkato ivènal la

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
kèk bèl transfè ki fèt nan dènye jou mèkato ivènal la
Anpil klèb Ewopeyen te oblije tann dènye jou mèkato ivènal la pou yo mete grif yo deyò epi achte jwè yo te swete yo. Gen kèk bèl transfè ki rive fèt nan dènye enstan yo menm.
Depi lè Mondyal 2022 a fini, Chelsea ap fè Enzo Fernandez je dou. Benfica pa t vle kite meyè jèn jwè Koupdimonn lan pati konsa, li reklame pou Londonyen yo peye kloz liberatwa li. Se sa yo fè nan dènye minit yo. Ak yon sòm 104 milyon Ewo, Enzo vini transfè ki pi chè nan istwa Premier League la.
Jorginho se ènyèm jwè ki pote mayo Chelsea epi Arsenal. Avan li te genyen Fabregas, David Luiz, Willian, Giroud ak anpil lòt. Nan dènye jou mèkato ivènal la, Gunners yo siyen meyè jwè Ewopeyen 2021 an pou 13,6 milyon Ewo. Li lye ak klèb la pou jis jen 2024.
Keylor Navas se youn nan gadyen ki gen plis talan nan mond lan. Men fòk li jwe pou l kontinye pwouve sa. Kòm li pa ka jwe ase nan PSG, Kostarisyen an lage kò l nan Premier League. Parizyen yo prete Nottingham Forest Navas pou rive fen sezon sa a.
Hakim Ziyech se youn nan eleman ki gen plis talan e yo mwens itilize nan Chelsea. Akoz li pa jwe ase, Ziyech deside fè yon kout tèt yon lòt kote. Paris Saint-Germain pwofite okazyon an pou l prete elye Mawoken an. Se yon prè san opsyon acha pou jis fen sezon sa.
Lig Foutbòl Pwofesyonèl nan peyi Lafrans poko pran an kont transfè Ziyech la. Dirijan Chelsea yo pa t voye dokiman nesesè yo a tan. PSG oblije al fè reklamasyon avan l rive enskri jwè a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.