Dosye Ayiti a ap sou tab diskisyon yo nan OEA jodia

Pooshy Rosana
Par
Pooshy Rosana
Rédacteur
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.
- Rédacteur
dosye ayiti a ap sou tab diskisyon yo nan oea jodia
Jodi mèkredi 1ye fevriye 2023 a, Konsèy pèmanan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ap òganize yon reyinyon bò 10è nan maten pou analize sitiyasyon peyi Dayiti ap fè fas aktyèlman, pami plizyè lòt sijè.
Sou Twitter, OEA atravè misyon li nan peyi Dayiti te deja fè konnen ayè madi a Konsèy pèmanan ap gen pou prezante yon pwojè rezolisyon sou sitiyasyon aktyèl la.
Òganizasyon an fè konnen reyinyon sila ap retransmèt an dirèk sou sit wèb li ak sou paj Facebook li, y ap entèprete l nan plizyè lang tankou espanyòl, anglè, fransè ak pòtigè.
N ap raple se pa premye chita pale Konsèy pèmanan Òganizasyon Eta Ameriken yo ap fè sou peyi Dayiti, k ap travèse yon kriz sosyopolitik, ekonomik ak sanitè san parèy depi plizyè lane deja, patikilyèman depi 2021 pou rive jouk jounen jodi a.
Pou te pote yon solisyon ak ensekirite a patikilyèman Luis Almagro, ki se Sekretè jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) te lanse yon apèl bay kominote entènasyonal la nan fen lane 2022 a pou wè nan ki mwayen yo ka pase pou rezoud kriz sekiritè a nan peyi Dayiti.
Responsab la te menm mande nan yon mesaj sou Twitter, “pou Ayiti defini karakteristik fòs sekirite entènasyonal li bezwen fè entèvansyon lakay li a”, men jiskaprezan se echanj k ap fèt pa bò kote kominote entènasyonal la. Pako janm gen pyès dispozisyon ki pran alòske gang yo ki kontwole teritwa yo ap pran plis teren, epi kenbe popilasyon an otaj.

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.