Kèk enfòmasyon enpòtan sou viza imanitè VITEM 3 Brezil la

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
kèk enfòmasyon enpòtan sou viza imanitè vitem 3 brezil la
Pou fasilite resòtisan ayisyen yo ki vle vwayaje ale Brezil nan kad pwogram imanitè VITEM 3 a, gouvènman brezilyen an mete disponib an Ayiti yon sant resepsyon demann viza ki sou kont Òganizasyon entènasyonal migrasyon (OIM).
Sèvis yo nan Sant resepsyon demann viza pou Brezil lan ki te kanpe pandan fen semèn ki sot pase a akoz dènye twoub sosyopolitik yo ap disponib demen vandredi 3 fevriye a daprè yon kominike ki sòti bò kote OIM.
Nan kominike sa ki pibliye sou kont Òganizasyon entènasyonal migrasyon an, plizyè lòt enfòmasyon enpòtan pataje pou tout migran ayisyen ki anvizaje ale Brezil nan divès pwogram
migrasyon gouvènman brezilyen an mete sou pye yo.
Pwogram viza regwoupman familyal VITEM 11 lan ap toujou disponib sou imel, se sa OIM k ap jere sant resepsyon demann viza Brezil la fè konnen, pandan l anonse gen yon nouvo nimewo ki disponib pou sant apèl la nan lide pou bay yon asistans pi efikas ak entèrese yo.
Daprè OIM, moun ki vle fè pati pwogram viza imanitè VITEM 3 a ap gen bezwen kòm dokiman : yon paspò ki gen validite pou pi piti 12 mwa ; ekstrè kazye jidisyè oswa sètifika polis ki sòti nan DCPJ oubyen nan yon Tribinal premye enstans ; ekstrè achiv nasyonal ; rezèvasyon tikè avyon, elatriye…

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.