Ajan imigrasyon yo nan Ayopò entènasyonal Tousen Louvèti a bloke ayè mèkredi 1ye fevriye a 2 ayisyen ki t ap pran direksyon Etazini nan pwogram imanitè « Humanitarian Parole » gouvènman ameriken an lanse pou migran yo nan rejyon an.
2 ayisyen sa yo ki t ap tann vòl nan ayopò Tousen Louvèti a pou rantre Etazini nan kad pwogram migratwa administrasyon Biden lan te gen nan men yo yon seri fo dokiman otorizasyon vwayaj daprè enfòmasyon ki sòti nan sous ki pwòch imigrasyon peyi Dayiti a.
Akote pil ak pakèt moun k ap fè demach nan divès biwo imigrasyon nan peyi a pou jwenn dokiman vwayaj yo nan kad pwogram sa, genyen yon rezo nan yon lòt bò k ap pwodui epi livre fo dokiman vwayaj ak moun ki vle kite Ayiti pa nenpòt ki mwayen.
Gouvènman ameriken an nan kad pwogram sa, vle fasilite rantre sou teritwa yo an anviwon 30,000 resòtisan ki sòti nan divès peyi nan rejyon an pami yo Ayiti, Kiba ak Nikaragwa.
CPB, ajans ameriken k ap kòdone pwogram sa, fè konnen non 2 ayisyen sa yo ki te bloke nan ayopò a pa t enskri nan lis benefisyè ayisyen ki sou sistèm yo an, sou demann verifikasyon responsab ayisyen nan imigrasyon yo.
2 moun sa yo ta viktim anba men yon rezo malfektè ki ta espesyalize nan pwodui ak livre fo dokiman vwayaj pou rantre Etazini. Daprè CPB, yo tou pa p janm kapab rantre legalman sou teritwa ameriken an ankò pou tout rès vi yo.
Facebook Comments