Pa gen yon moun ki pa deranje lè yon moun ap dòmi bò kote l epi pou lap wonfle, sa konn menm rive anpeche w dòmi oubyen fè dòmi an pran plis tan pou l pran w. Men gen kèk fason ou ka ede yon moun sispann wonfle.
Wonfleman se yon son ki fèt jeneralman akòz lè a pa byen pase nan vwa respiratwa yo lè yo bouche, swa paske moun nan kouche sou do donk lang li yon tikal fè bak oubyen paske nen l bouche. Se vibrasyon ki fèt nan palè bouch nou ak nan lalwèt la ki bay wonf lan, vibrasyon an konn fò anpil se sa ki lakòz ou konn tande moun nan ap wonfle byen fò.
Moun wonfle tou akoz kèk alèji li ka genyen ki bloke kantite lè ki dwe pase nan nen an. Sa vinn fè moun nan respire nan bouch li e respirasyon sa akonpanye l ak bri.
Si wonf lan pèsiste épi vin grav, li ka pwovoke ‘apnée du sommeil’, ki se yon twoub somèy, kote respirasyon an koupe épi rekomanse poukont li detanzantan pandan w ap dòmi. Pa gen yon solisyon total pou w sispann wonfle, men gen mwayen ou ka itilize pou diminye bri a.
Men kèk bagay ou kapab fè pou anpeche w wonfle
Premyèman, se chanje pozisyon ou dòmi : olye ou dòmi sou do, prefere ou domi sou kote pou pèmèt lè pase byen nan vwa respiratwa ou. Si ou bwè alkòl avan w al dòmi, sa ka lakoz ou wonfle pandan somèy la, paske alkòl la ap afekte misk ki nan gòj ou donk w ap wonfle. Alòs pa bwè alkòl avan w dòmi.
Dòmi avèk tèt ou yon ti jan wo, pou ka kenbe vwa respiratwa yo ouvri, pou w respire byen. Pran yon beny cho avan w dòmi, l ap ede respirasyon ou fèt byen pandan somèy ou. Si ou twò gwo tou, sa kapab anpeche w respire byen lè w ap dòmi e lakoz ou wonfle kidonk fè espò, pèdi pwa pou w kapab ede tèt ou gen yon pi bon respirasyon epi anpeche w wonfle.
Nan peyi nou Ayiti, yo souvan di pou yon moun sispann wonfle, mete yon pen anba tèt li epi nan demen maten, bay chen manjel.
Nou kapab aplike tout metòd sa yo swa pou tèt ou pou w sispann wonfle oubyen pou w ede yon moun ou konnen ki konn wonfle.