Kèk konpòtman nou dwe genyen lè n ap mache nan lari 

Annelie Noel
ParAnnelie Noel

Li toujou konseye pou yon moun fè egzèsis tankou mache, paske egzesis sa bon pou kò a ; l ap ede nou rete an sante. Gen moun ki mache pou fè ekzèsis, genyen se pou bezwen ak obligasyon. Sepandan, nan tout peyi, lè yon moun ap mache, gen kèk konpòtman li dwe afiche e gen lòt li pa dwe 

 veye pou li pa koze pwoblèm bay lòt moun ak anviwònman an. An Ayiti, egzèsis sa pa twò fasil akoz anbouteyaj, ensekirite, wout ki mal fèt, difikilte sikilasyon, elatriye.  Pou rezon sa yo ak anpil lòt, NetAlKole Media ap prezante nou kèk konpòtman yon moun dwe genyen lè l ap mache nan lari. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

 Mache nan lari mande s on egzèsis ki mande anpil atansyon, nan kelkeswa peyi sou latè. Men, nan Pòtoprens (Ayiti), se yon bagay tèt chaje, tèlman gen difikilte ki konn prezante devan nou lè n ap mache nan lari. Moun ap monte sou moun, fatra tout kote, menm gen pil fatra ki konn fòse w kite twotwa pou w pran lari a, gen chofè motosiklèt ak machin ki prèt pou monte sou ou, san nou pa bliye twotwa ki fèt pou pyeton anpil ladan yo se machandiz ase ki etale sou yo ak estasyon moto yo tounen ; menm gen kèk boutik rad ak lòt akseswa ki fè twotwa yo tounen showroom. Se sa k fè yon moun k ap mache nan lari dwe afiche bon jan konpòtman ki pou anpeche li viktim, tankou aksidan, oubyen evite nan akwochay ak lòt moun oubyen machann tou si l ta kraze ou pile machandiz yo. Nan sans sa, moun nan dwe toujou sou men l.   

Nan mache, gen sa yo rele bon sans ; sa ki ka pèmèt nou sove vi nou ak pa lòt. Men sa nou dwe konnen : 

Li preferab pou nou mache sou bò k ap fasilite nou gen kontwòl machin, moto, kap vin anfas nou paske lè w ba yo do, ou gen mwens posibilite pou w reyaji si sitiyasyon an ta mande sa. 

Respekte limyè sikilasyon yo lè n ap travèse lari.  

Lè yon moun ap mache, li dwe pran anpil prekosyon pou l pa frape, menm blese lòt moun. E si toutfwa sa ta rive, moun ki fè aksyon an dwe eskize l pa respè li gen pou li.  

Twotwa a gen de sans. Moun ki pi pre lari a, si l gen chay nan men l pa egzanp, li preferab pou l pote yo nan men dwat, yon fason pou l pa touche lòt pyeton yo.  

Si pandan yon moun ap mache li deside fè yon kanpe nan mitan wout, meyè fason pou l pa deranje lòt moun se mete kò l sou kote.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Konsèy sa yo valab tou pou yon moun ki deside pale ak yon zanmi ke l pa wè lontan e li kwaze sou wout li, elatriye.   

Gason kou fanm dwe toujou raple yo kòman pou yo konpòte yo nan lari. Pou moun ki renmen pèdi tout tan yo nan vire gade moun, oubyen jan koze a di : dezabiye moun lan ak zye yo depi nan tèt rive nan pye, lè yo fè sa anpil moun konsidere yo kòm maledve. Gen kèk medam, sitou, ki pa renmen sa paske gen anpil fi k siseptib. Antanke yon èt ki sosyab, nou dwe bat pou nou pa yon eleman k ap jennen lòt moun, kèlkeswa kote li twouve li, kit se nan lari, nan pak (an n di plas piblik pou Ayiti ki pa gen pak), oubyen nan yon bis, yon kamyonèt, elatriye. 

Jete fatra, fè pipi, krache nan lari se abitid anpil ayisyen. Poutan, nou dwe evite fè aksyon sa yo lè nou nan lari. Lè nou fin bwè yon ji, manje yon sirèt, bonbon, bwè yon sachè oubyen yon bidon dlo, si nou pa jwenn yon poubèl pou nou mete yo, nou ka mete yo nan yon sachè oubyen nan yon valiz si nou pote, epi lè nou jwenn yon poubèl n a jete yo. Gen moun ki konn menm gen tandans lage yo sou yon pil fatra. Nan anpil peyi, yo konsidere sa kòm yon enfraksyon e leta ka menm fè peye amand pou sa. Pou n tounen sou krache nan lari a, nou dwe konnnen krache fè pati eleman oubyen ajan ki ka koz enfeksyon. Fòk nou pridan ak konpòtman sa yo, ou pa konn si w pa enfekte oubyen si w pote yon bakteri ki ka koz anpil lòt moun viktim. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou jan peyi a vin ye nan jou yo, ede moun prèske pa fè pati de koutim nou ankò. Nou vin tèlman varye, san sousi pou anyen, menm si yon moun ta rele amwey pou yo pote l sekou, ou ka sezi tande yon moun reponn ban m Valmix. Poutan, nou dwe konnen gen moun ki bezwen èd nou, sitou moun ki gen anpil laj yo, moun ki avèg yo, fanm ansent, moun ki gen mobilite redwi, timoun ki bezwen travèse lari, pou n site sa yo sèlman. Si yon moun poze w yon kesyon pa egzanp pou w endike li yon kote si w pa konnen pito ou di sa, malgre nou dwe pridan paske gen moun ki konn itilize teknik sa yo pou fè zak malonèt. Se vre nou menm an Ayiti nan moman sa, akoz ensekirite ki tabli nan peyi a, nou youn pè lot, men li toujou pi bon pou w di moun lan ou pa konnen oubyen mande yon lòt moun byen janti, san okenn britalite. 

Li pa fè sans pou yon moun ap mache nan lari epi an menm tan pou l ap itilize telefòn li paske, non sèlman moun lan pa p prete atansyon ak sa lap li a, e pap rive gen kontròl sou jan l ap mache. Nan lari a, gen poto ou ka frape ladan yo. Gen lòt moun ou ka frape e menm lage atè, koz rad yo sal menm rive gate jounen moun sa. Daprè pwotokòl, li pa rekòmande pou moun ap plede manje nan lari. Selon sa w ap manje a, li ka sal rad lòt moun.  Gen moun tou ki konn gen tandans ap mache san yo pa gade kote yo prale nan pale nan yon telefòn. Pafwa, moun sa yo konn rive fè aksidan oubyen frape komès machann (menm si plas yo pa sou twotwa a an reyalite). Sa ki ka lakoz ou nan akwochay ak lòt moun. Diskisyon ki konn mal fini, pafwa, vye mo konn tèlman di, moun yo konn menm rive goumen.  

Kidonk, Li toujou bon pou nou konnen, lè nou nan lari, gen konpòtman nou pa dwe afiche. Li rekòmande pou nou respekte youn lòt. Nou dwe vijilan, pwoteje antouray nou, kenbe li pwòp, pote èd nou ak sa ki pi fèb yo e sitou kenbe koutwazi w. Yon ti bonjou ak yon souri sou lèv ou ka chanje jounen yon moun.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Follow:
Originaire de Port-au-Prince. Diplômée en communication et en hôtellerie. Elle est une journaliste motivée, attentive, dynamique et rigoureuse. Elle s'accroche beaucoup à son métier de journaliste.